San Rekiperasyon Pou Dezas nan Broward County Fèmen nan Jou Ferye A

Release Date Release Number
DR-4709-FL NR-017
Release Date:
Jen 15, 2023

LAKE MARY, Florida – Se Leta Florid ak FEMA ki an chaj Sant Rekiperasyon pou Dezas (DRC) nan Broward County.

Tout Sant Rekiperasyon Pou Dezas nan Broward County ap fèmen lendi 19 jwen pou jou ferye Juneteenth lan.

Tout san yo ap rewouvè nan Madi 20 jwen daprè yon orè revize.

Sant ki gen adrès fiks yo:

  • Sadkin Community Center, 1176 NW 42nd Way, Lauderhill, FL 33313
    • Sant sa ap fèmen definitivman nan jou ki ap Samdi 24 jwen an.
  • Hortt Park, 1700 SW 14TH Court, Fort Lauderdale, FL 33312

Lè pou sant fiks yo se Madi rive Samdi, 9 am rive 8 pm. Yo fèmen jou Dimanch ak Lendi.

Genyen tou yon sant mobil ki ap fonksyone Madi ki ap 20 jwen an rive Samdi ki ap 24 jwen - 8 am rive 7 pm.

  • Samuel Delevoe Memorial Park, 2520 NW 6th Street nan Fort Lauderdale

Sant Rekiperasyon Dezas yo bay sivivan katastwòf yo enfòmasyon ki soti nan ajans eta Florid yo, FEMA, ak Administrasyon Ti Biznis Etazini. Sivivan yo ka jwenn èd pou aplike pou asistans federal, aprann sou kalite asistans ki disponib, aprann sou pwosesis apèl la epi jwenn mizajou sou aplikasyon yo.

An plis de sa, pou w aplike, ou ka ale sou entènèt nan disasterassistance.gov, ou ka itilize aplikasyon Mobil FEMA an oswa rele 800-621-3362, 7 am rive 11 pm ET chak jou. W ap jwenn èd nan preske tout lang yo. Si w itilize yon sèvis relè, tankou relè videyo (VRS), telefòn ki gen soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo w pou sèvis sa a.

Sant Rekiperasyon Dezas yo aksesib pou moun ki andikap yo. Yo gen ekipman teknoloji asistans ki pèmèt sivivan katastwòf yo kominike avèk anplwaye yo. Entèpretasyon pa Videyo Adistans disponib epi langaj siy an pèsòn disponib sou demann. Sant yo gen pakin aksesib tou, ranp, ak twalèt.

Anplis de sant yo, ekip Asistans Sivivan Kastastwòf (Disaster Survivor Assistance - DSA) FEMA an ap fè rechèch nan kominote ki afekte nan gwo tanpèt, tònad ak inondasyon ki te fèt 12-14 avril nan Broward County pou ede rezidan yo aplike pou asistans FEMA epi reponn kesyon sou asistans federal. Manm ekip DSA yo mete inifòm FEMA epi yo gen badj idantifikasyon federal ki gen foto yo. Ou pa p peye pou sèvis la.

Asistans Endividyèl FEMA ka ede ak depans lojman tanporè, reparasyon debaz lakay yo ak lòt bezwen esansyèl ki gen rapò ak katastwòf.

Pou yon videyo aksesib sou fason pou aplike pou asistans ale nan Three Ways to Register for FEMA Disaster Assistance (Twa Fason pou Enskri pou Asistans pou Katastwòf FEMA) - YouTube.

Pou plis enfòmasyon sou rekiperasyon an nan Florid, vizite fema.gov/disaster/4709 ak  floridadisaster.org/. Swiv nou sou Twitter: @FLSERT ak @FEMARegion4.

Tags:
Dènye mizajou