Sant Rekiperasyon apre Katastwòf Tanporè ki ap Fonksyone nan Konte Broward yo Pwolonje Arè yo

Release Date Release Number
DR-4709-FL NR-013
Release Date:
Jen 7, 2023

LAKE MARY, Fla. – Eta Florida ak FEMA ap jere Sant Rekiperasyon apre Katastwòf (DRC) ki nan Konte Broward yo.

Sant tanporè ki nan adrès sa ap rete louvri jiska samdi 10 jen, soti 8 a.m. rive 7 p.m.

 

  • Samuel Delevoe Memorial Park, 2520 NW 6th Street nan Fort Lauderdale
  • Big Easy Casino, NE Parking Lot, 831 N Federal Highway nan Hallandale Beach

 

Sa ki vin apre yo ajoute sou anplasman sant ki fiks yo:

 

  • Sadkin Community Center, 1176 NW 42nd Way, Lauderhill, FL 33313
  • Hortt Park, 1700 SW 14TH Court, Fort Lauderdale, FL 33312

Orè fonksyònman sant fiks yo se lendi jiska samdi soti 9a.m. rive 8p.m. Fèmen jou dimanch.

Sant Rekiperasyon apre Katastwòf yo bay moun ki sinistre yo enfòmasyon ki soti nan ajans eta FLorida yo, FEMA ak Administrasyon Ti Biznis Etazini. Moun ki sinistre yo kapab jwenn èd lè yo aplike pou èd federal, aprann plis sou kalite èd ki disponib yo, aprann plis sou pwosesis apèl la epi jwenn nouvo enfòmasyon sou aplikasyon yo.

Apre ou fin vizite yon sant, ou kapab aplike lè w ale anliy sou disasterassistance.gov, itilize aplikasyon mobil FEMA oswa rele nan 800-621-3362, 7 a.m. pou 11 p.m. ET chak jou. Gen èd ki disponib nan plizyè lang. Si w ap itilize yon sèvis relè, tankou sèvis relè videyo (VRS), sèvis telefòn ak soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo sèvis sa a.

Sant Rekiperasyon apre Katastwòf yo aksesib pou moun ki gen andikap. Yo gen ekipman asistans teknoloji ki pèmèt moun ki sinistre nan katastwòf yo kominike ak manm pèsonèl yo. Gen sèvis Entèpretasyon Videyo Adistans ki disponib epi gen lang siy an pèsòn ki disponib si w mande sa. Sant yo gen pakin, ranp, ak twalèt ki aksesib tou.

Anplis sant yo, ekip Èd pou Moun ki Sinistre nan Katastwòf FEMA (DSA) ap fè demach pou kominote ki te afekte nan gwo siklòn, tònad ak inondasyon ki te frape Konte Broward nan dat 12-14 avril la, pou ede rezidan yo aplike pou jwenn èd FEMA epi pou reponn kesyon konsènan èd federal la. Ekip DSA yo abiye ak inifòm FEMA epi yo gen yon badj federal ki gen foto pou idantifye yo. Ou p ap peye pou sèvis la.

Èd Endividyèl FEMA a kapab ede nan depans pou lojman tanporè, reparasyon debaz nan kay ak lòt bezwen enpòtan ki lye ak katastwòf la.

Pou gade yon videyo aksesib sou fason pou aplike pou jwenn èd, ale sou Three Ways to Register for FEMA Disaster Assistance - YouTube.

Pou plis enfòmasyon konsènan rekiperasyon nan Florida, ale sou fema.gov/disaster/4709 ak  floridadisaster.org/. Suiv nou sou Twitter: @FLSERT ak @FEMARegion4.

Tags:
Dènye mizajou