Kominike pou Laprès

Release Date Release Number
DR-4709-FL NR-011
Release Date:
May 26, 2023

LAKE MARY, Fla – Eta Florida ak FEMA ap jere Sant Rekiperasyon Dezas (DRC) ki nan Konte Broward.

Piske nou te oblije fèmen sanzatann akoz move tan ki te genyen, sant tanporè ki ap fonksyone nan lokal sa yo te ajoute dat samdi 27 me a, 8 a.m. pou 7 p.m nan kalandriye yo.

  • Samuel Delevoe Memorial Park, 2520 NW 6th Street in Fort Lauderdale
  • Bibliyotèk Dania Beach/City Hall 100 W Dania Beach Blvd. nan Dania Beach

Sa ki vin apre yo ajoute sou anplasman sant ki fiks yo:

  • Sadkin Community Center, 1176 NW 42nd Way, Lauderhill, FL 33313
  • Hortt Park, 1700 SW 14TH Court, Fort Lauderdale, FL 33312

Orè fonksyònman pou sant ki fiks yo se lendi rive samdi, 9 a.m. pou 8 p.m., eksepte Jou Memoryal la, lendi 29 me, 9 a.m. pou midi. Fèmen nan jou Dimanch yo.

Sant Rekiperasyon Dezas yo bay sivivan dezas yo enfòmasyon ki soti nan ajans eta FLorida, FEMA ak Administrasyon Ti Biznis Etazini. Sivivan yo kapab jwenn èd lè yo aplike pou èd federal, chèche konnen plis sou kalite èd ki disponib yo, chèche konnen sou pwosesis apèl epi jwenn nouvo enfòmasyon sou aplikasyon yo.

Apre ou fin vizite yon sant, ou ka aplike lè ou ale sou entènèt la nandisasterassistance.gov, itilize aplikasyon mobil  FEMA mobile app  oswa rele nan 800-621-3362, 7 a.m. pou 11 p.m. ET  Gen èd ki disponib nan plizyè lang. Si w ap itilize yon sèvis relè, tankou sèvis relè videyo (Video Relay Service, VRS), sèvis telefòn avèk soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo sèvis sa a.

Tout sant rekiperasyon dezas yo aksesib pou moun ki gen andikap. Yo gen ekipman èd teknoloji ki ap pèmèt sivivan dezas yo kominike ak ekip yo. Gen Entèpretasyon Videyo a Distans disponib ak lang siy ki disponib fas-a-fas sou demann. Sant yo gen pakin, ranp, ak twalèt ki aksesib tou.

Anplis sant yo, ekip èd pou Sivivan Dezas (DSA) FEMA ap fè demach pou kominote ki te frape nan dat 12-14 avril la pa gwo tanpèt, tònad ak lapli nan konte Broward la pou ede moun ki abite la yo aplike pou èd FEMA epi pou reponn kesyon konsènan èd federal. Ekip DSA abiye ak inifòm FEMA epi yo gen yon badj federal ki gen foto yo ki pou idantifye yo. Ou p ap peye pou sèvis. 

 Èd Endividyèl FEMA kapab ede ak depans pou lojman ki tanporè yo, reparasyon nan kay ki primè yo ak lòt bezwen ki enpòtan dezas la lakòz.

Pou yon videyo ki montre kijan pou w aplike pou èd ale sou Three Ways to Register for FEMA Disaster Assistance - YouTube.

Pou plis enfòmasyon konsènan gerizon nan Florida, ale soufema.gov/disaster/4709 ak  floridadisaster.org/. Suiv nou sou Twitter: @NCEmergency ak @FEMARegion4.

Tags:
Dènye mizajou