Sant Rekiperasyon Dezas mobil yo ap kanpe nan Konte Broward

Release Date Release Number
DR-4709-FL NR-005
Release Date:
May 11, 2023

LAKE MARY, Fla. – Sant Rekiperasyon Dezas Mobil yo pral fè plizyè arè nan Konte Broward pou rankontre sivivan nan gwo tanpèt, tònad ak inondasyon ki te fèt 12-14 Avril.

Sant Rekiperasyon Dezas Mobile yo pral nan lokal sa yo:

Vandredi, 12 Me – Lendi, 15 Me:

  • Orangebrook Golf & Country Club - Pakin, 400 Entrada Drive nan Hollywood
  • St. George Community Park, 3501 NW 8th street nan Lauderhill

Yo pral anonse lòt arè lè yo konfime yo.

Lè pou tout arè yo pral apati 8 a.m. rive 7 p.m.

Genyen tou yon sant fiks nan Hortt Park, 1700 SW 14TH Court nan Fort Lauderdale

Orè yo se Lendi jiska Samdi, 9 a.m. pou rive 8 p.m.  Fèmen Jou dimanch.

Sant pou Retaablisman apre Katastwòf yo mete enfòmasyon ki sòti nan ajans eta Florida yo, nan FEMA epi nan U.S. Small Business Administration (Administrasyon Ti Biznis Ameriken yo) disponib pou sivivan katastwòf yo. Sivivan yo ka jwenn èd pou aplike pou asistans federal, aprann sou kalite asistans ki disponib, aprann sou pwosesis apèl la epi jwenn mizajou sou aplikasyon yo.

Anplis de vizite yon sant, ou ka aplike lè w ale sou Entènèt disasterassistance.gov, lè w itilize aplikasyon mobil FEMA  oswa rele 800-621-3362, 7 a.m. rive 11 p.m. ET chak jou. Èd la disponib nan pifò lang. Si w itilize yon sèvis relè, tankou relè videyo (VRS), telefòn ki gen soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo w pou sèvis sa a.

Sant Sekou Apre Katastwòf yo gen aksè pou moun ki andikape ale ladan yo. Yon genyen ekipman asistans teknoloji ki pèmèt sivivan katastwòf yo entèyaji ak pèsonèl la. Gen sèvis Entèpretasyon Videyo a Distans ak langaj siy fas a fas ki disponib sou demann. Sant yo genyen pakin, ranp ak twalèt ki aksesib pou tout moun.

Anplis de sant yo, ekip Asistans Sivivan Dezas FEMA (Disaster Survivor Assistance, DSA) ap chèche kominote ki afekte nan gwo tanpèt, tònad ak inondasyon ki te fèt 12-14 avril nan Konte Broward pou ede rezidan yo aplike pou asistans FEMA epi reponn kesyon sou asistans federal. Ekip DSA yo mete rad FEMA epi yo gen yon badj idantifikasyon federal. Sèvis sa a gratis.

Asistans Endividyèl FEMA a kapab ede nan depans tanporè pou lojman yo, ti reparasyon nan kay yo ak lòt bezwen esansyèl moun kapab genyen apre dezas.

Pou yon videyo aksesib sou fason pou aplike pou asistans ale nan,  Twa Fason pou Enskri pou Asistans FEMA pou Katastwòf - YouTube.

Pou jwenn plis enfòmasyon sou rekiperasyon nan Florid, vizite fema.gov/disaster/4709 ak  floridadisaster.org/. Suiv nou sou Twitter: @FLSERT ak @FEMARegion4.

Tags:
Dènye mizajou