Volontè yo Kontinye ap bay lamen, Jwenn resous pou Bezwen ki pa satisfè yo

Release Date Release Number
DR-4337-FL NR 148
Release Date:
January 9, 2018

ORLANDO, Fla. – Volontè yo toupatou nan Florid ak odela ap kontinye ede sivivan Irma yo avèk bezwen ki pa satisfè ansanm avèk rekiperasyon alontèm. Jiska prezan, plis pase  26,200 moun tout laj, orijin, okipasyon ak kwayans te pase plis pase 1.24 milyon èdtan ap ede sivivan yo.

Moun ki soti nan plis pase 300 òganizasyon non-pwofi ki baze sou lafwa bati ak rebati kay yo, ranmase lajan pou bezwen ki pa satisfè yo epi konseye moun sila yo ki te epwize tout mwayen asistans yo.

Lyezon Ajans Volontè (VAL) ak Ajans Jesyon Ijans  Federal (FEMA) kowòdone enfòmasyon ak resous yo avèk Volunteer Florida ansanm avèk Óganizasyon Volontè Florid aktif nan Dezas (FLVOAD) pou sipòte kolaborasyon, ak kominikasyon pami tout gwoup yo.  

Kòm gwoup lokal rekiperasyon alontèm yo finalize plan pou rekiperasyon sivivan yo, anpil patnè rekiperasyon nasyoanl te bay sipò pou evalye bezwen ki pa satisfè yo ak mobilize volontè yo toupatou nan peyi a.  Patnè National VOAD yo gen ladan Asistans Dezas Presbiteryen, Legliz Jesus Christ of Latter Day Saints ak World Renew pami lòt òganizasyon yo.

Manm aktif FLVOAD nan rekiperasyon an gen ladan Sèvis Kominote Adventist, American Red Cross, Catholic Charities of Florida, Florida United Methodist Conference, Salvation Army, United Way of Florida ak anpil lòt ankò.

Yon egzanp patnè volontè lokal se yon gwo konpayi Nasyonal jesyon otèl ki konekte avèk Habitat for Humanity. Li bay magazen Habitat yo mèb, amelyorasyon kay ak sant donasyon yo.  Se yon konpayi fanmi posede ak jere, konpayi ospitalite a gen yon gwo prezans nan Florid e li kenbe pwopriyete li yo renove. Apre li fin renove pwopriyete li yo, li bay mèb yo nan diferan kominote non-pwofi. Habitat for Humanity se yon byenfetè ki enplike nan pwosesis rekiperasyon alontèm Siklòn Irma.

Manadjè ka dezas yo ki soti nan òganizasyon rekiperasyon lokal ak eta pral anmezi pou bay referans nan  ReStores pou sivivan yo ki bezwen atik. Kabann, biwo, tab de nwi, dinèt, aparèy elektwo-menaje, tablo, miwa ak kabinè kwizin disponib pou sivivan yo kòm donasyon oswa pou yon frè minim. Nan Konte Palm Beach, ReStores te pran referans, e si yo gen mèb nan depo, bay li a fanmi yo oswa ofri rabè pou ede  rekonstitye atik ki te pèdi yo.

Habitat nan Konte Palm Beach ap antreprann tou operasyon prela, retire debri ak pwojè ti reparasyon. Yo kontinye ap evalye domaj nan kay pou  plis reparasyon ak travay rekonstriksyon.

Dis jou apre Siklòn Irma te devaste pati sid Florid, Catholic Charities of Florida te voye 140 semi-kamyon ranpli avèk dlo, manje, twous ijyèn ak donasyon rad ki asòti pou sivivan yo sou toulède kot yo ak nan Keys a . Óganizasyon sa a kounye a travay avèk sivivan yo pou evalye bezwen yo ki pa satisfè, konekste yo avèk resous ansanm avèk sèvis sipò. 

Avèk lòt patnè, Catholic Charities te mete plizyè santèn fanmi nan otèl ak kay e li te ede rebati ak repare kay sivivan yo. Yo pral kontinye efò yo nan 2018 ak pou plizyè ane kap vini.

Pou w jwenn plis enfòmasyon sou Siklòn Irma ak rekiperasyon Florid, vizite www.FEMA.gov/IrmaFL, @FEMARegion4 Twitter account, oswa Florida Division of Emergency Management website.

###

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen ak sekouris nou yo pou asire ke antanke peyi nap travay ansanm pou bati, soutni ak amelyore kapasite nou pou prepare pou, pwoteje kont, reponn a, rekipere nan,  ak diminye tout danje yo.

Asistans pou rekipere nan Katastwòf disponib san konte sou ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, Konpetans Angle oswa estati ekonomik.  Si oumenm oswa yon moun ou konnen te sibi diskriminasyon, rele liy telefòn gratis FEMA nan  800-621-FEMA (3362). Pou TTY rele  800-462-7585.

Asistans lojman tanporè FEMA ak sibvansyon pou depans transpò piblik, depans medikal ak dantè, ak depans pou fineray ak antèman pa egzije pou moun nan aplike pou yon prè SBA. Toutfwa, aplikan yo ki resevwa aplikasyon prè SBA dwe soumèt yo a yon ofisye prè SBA pou yo ka kalifye pou asistans ki kouvri pwopriyete pèsonèl, reparasyon veyikil oswa ranplasman, ak depans pou demenaje ak estoraj. 

###

Tags:
Dènye mizajou