Prè SBA pou bay èd nan Sekou pou Katastwòf

Release Date Release Number
DR-4393-NC NR 038
Release Date:
October 10, 2018

RALEIGH, N.C. – Si ou se yon sivivan nan katastwòf nan North Carolina ki aplike pou èd avèk FEMA epi ou jwenn referans pou ale nan Ti Biwo Biznis (Small Business Administration (SBA) Ameriken, li enpòtan pou ranpli fòm aplikasyon an pou jwenn lajan prete pou yon ti enterè.

 

Toupre asirans, yon prè SBA pou katastwòf ki gen yon ti enterè se sous prensipal lajan pou reparasyon byen imobilye epi pou ranplase atik ki detwi yo pandan Ouragan Florence.

 

Anpil sivivan ki enskri avèk FEMA jwenn referans pou yo ale nan SBA. Si SBA detèmine ou kalifye pou jwenn lajan prete, ou pa gen obligasyon pou aksepte prè a, men ou ta dwe ranpli fòm aplikasyon an san pèdi tan pou kite chwa ou yo ouvè.

 

Pa rete tann yon peman asirans anvan ou prezante yon aplikasyon pou jwenn lajan prete nan SBA. Peman asirans ou ka pa ase. Ou ka dekouvri ou pa t gen ase asirans pou mendèv ak materyèl ki nesesè pou repare oswa pou ranplase kay ou. Yon prè SBA ki gen yon ti enterè kapab kouvri diferans lan.

 

Dapre lalwa, FEMA, ak SBA pa kapab double Peman asirans yo ak lòt avantaj yo.

 

Pwopriyetè kay ak lokatè ki prezante yon aplikasyon SBA epi ki apwouve pou jwenn lajan prete ka jwenn konsiderasyon pou sèten lòt sibvansyon FEMA anba Èd pou Lòt Bezwen.

  • Men kèk egzanp lòt èd ki pa bezwen ou ranpli aplikasyon SBA:
    • Depans medikal ak depans pou swen dan.
    • Depans pou antèman.
    • Èd pou sèvis gadri.
  • Men kèk egzanp lòt èd ki pa bezwen ou ranpli yon aplikasyon SBA:
    • Ranplasman byen pèsonèl.
    • Depans pou demenajman ak antrepo.
    • Èd lajan pou depans pou repare oswa ranplase machin ki domaje akòz katastwòf la.

Prezante aplikasyon ou pou prete lajan nan SBA sou sitwèb disasterloan.sba.gov/ela/, oswa nan nenpòt sant sekou pou katastwòf. Pou kesyon ou genyen, rele SBA nan nimewo 800-659-2955 oswa 800-877-8339 (TTY).

 

Pou jwenn adrès ak orè sant yo, ale sou sitwèb fema.gov/DRC oswa telechaje Aplikasyon FEMA Mobile .

 

Reprezantan SBA, òganizasyon Eta North Carolina, FEMA ak lòt òganizasyon yo la nan sant yo pou eksplike pwogram èd ki disponib yo epi pou ede konekte sivivan yo avèk resous k ap pi byen satisfè bezwen sekou yo.

 

Tout sant rekiperasyon yo aksesib pou moun ki gen andikap. Sant yo gen ekipman teknoloji asistans, tankou telefòn anplifye ak aparèy pou tande pou moun ki ge pwoblèm pou tande ak loup pou moun ki gen pwoblèm pou wè. Gen Entèpretasyon Videyo a Distans disponib. Gen entèprèt nan Lang Siy Ameriken (American Sign Language, ASL) disponib si ou rele oswa voye yon tèks bay 202-655-8824 pou fè demann (Si li posib kite 24 èdtan pase anvan ou pran randevou pou jwenn yon entèprèt.) Sant yo gen pakin, ranp, ak twalèt ki aksesib pou moun ki andikape tou.

 

Yon videyo nan Langaj Siy Ameriken ki eksplike kijan pou aplike pou prete lajan ki gen ti enterè nan SBA disponib sou sitwèb youtube.com/watch?v=0pvfgBaA6_Q.

 

Pwopriyetè kay yo ka kalifye pou prè SBA akòz katastwòf ki domaje kay yo pou apeprè $200,000 pou reparasyon oswa rekonstwiksyon fondasyon kay prensipal yo.

 

Yon prè SBA ka ede ou repare sousòl kay ou ki inonde. Èd FEMA bay pwopriyetè kay yo pou repare byen imobilye yo ki domaje nan inondasyon se pou sèlman atik ki sipòte fonksyon prensipal kay la (tankou founo, aparèy chofaj dlo, oswa ponp).

 

SABA kapab ede pwopriyetè kay yo ak lokatè yo avèk apeprè $40,000 pou ranplase pwopriyete pèsonèl enpòtan yo, tankou machin ki domaje oswa detwi nan katastwòf la.

 

SBA kapab ede biznis yo ak òganizasyon non-komèsyal prive yo avèk apeprè $2 milyon pou repare oswa ranplase byen imobilye ki domaje oswa lòt byen biznis. Ti biznis ak òganizasyon non-komèsyal ki kalifye yo kapab aplike pou prete lajan akòz pèt ekonomik yo fè pou ede yo satisfè bezwen envestisman rantab yo akòz katastwòf la.

 

Ou ka kalifye pou yon ogmantasyon lajan ou prete a jiska 20 pousan domaj fizik ou, jan SBA verifye sa, pou diminye dega yo. Amelyorasyon ki admisib pou diminye  dega ka gen ladan yon chanm ki pwoteje, oswa abri pou siklòn pou ede pwoteje pwopriyete ak moun ki nan kay la kont domaj pidevan akòz yon katastwòf sanblab.

 

Pou aplike pou èd akòz katastwòf la:

  • Ale sou sitwèb DisasterAssistance.gov.
  • Rele nimewo 800-621-3362 (pou pale, 711 oswa VRS) oswa 800-462-7585 (TTY) nenpòt lè ant 7 a.m. ak 11 p.m. Lè lokal sèt jou pa semèn jouk lè gen lòt avi. Genyen operatè ki pale plizyè lang ki disponib pou ou.
  • Ale nan yon sant sekou pou katastwòf. Jwenn yon sant ki louvri sou sitwèb fema.gov/DRC.
     

                                               ###

 

Misyon FEMA: N ap ede moun anvan, pandan epi apre katastwòf.

Pou plis enfòmasyon sou rekiperasyon Kawolin Dinò apre pasaj Siklòn Florence al vizite NCDPS.gov/NCEM ak FEMA.gov/Disaster/4393. Swiv nou sou Twitter :

@NCEmergency ak @FEMARegion4.

 

Asistans apre katastwòf disponib san okenn diskriminasyon ki baze sou ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, limitasyon nan pale Anglè, oubyen kondisyon ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan nimewo 800-621-3362 (711/VRS - Sèvis Relè nan Videyo). Gen operatè ki pale anpil lang ki disponib pou ou.  (Peze 2 pou Panyòl). TTY dwe rele 800-462-7585.

 

Asistans tanporè FEMA bay pou lojman ak sibvansyon pou depans sèvis transpò piblik, depans medikal ak dantè, epi depans pou fineray ak antèman pa egzije moun pou yo aplike pou yon prè SBA. Sepandan, aplikan ki resevwa yon aplikasyon pou prè SBA yo dwe remèt yo bay yon ajan kredi SBA pou yo kapab kalifye pou asistans ki garanti pwopriyete pèsonèl, reparasyon oubyen ranplasman otomobil, ak depans pou demenajman ak antrepo.

 

SBA se sous lajan prensipal gouvènman an pou rekonstriksyon alontèm pou pwopriyete prive ki andomaje nan katastwòf. SBA ede biznis tout gwosè, òganizasyon ki pa travay pou pwofi, pwopriyetè kay ak lokatè pou yo finanse reparasyon oswa rekonstriksyon yo epi kouvri depans pou ranplase pwopriyete pèsonèl yo pèdi oubyen ki andomaje nan katastwòf. Prè pou katastwòf yo kouvri pèt ke asirans pa fin ranbouse nèt oubyen lòt rekiperasyon epi yo pa double avantaj lòt ajans oubyen òganizasyon deja bay. Pou plis enfòmasyon, aplikan yo ka kontakte Sant Sèvis Kliyan Asistans apre Katastwòf SBA a nan (800) 659-2955, nan imèl nan disastercustomerservice@sba.govoubyen nan vizite sitwèb SBA a nan sba.gov/disaster. Moun ki soud ak moun ki gen difikilte pou tande ka rele (800) 877-8339.

 

Tags:
Dènye mizajou