W ap navige nan magazen pou fèt la? Pase nan magazen pou renovasyon kay yo pou jwenn kèk ti konsèy sou rekonstriksyon

Release Date Release Number
DR-4337-FL NR 140
Release Date:
December 26, 2017

ORLANDO, Fla. – Espesyalis FEMA yo pral disponib nan lokalite ki site anba a pou reponn kèk kesyon epi pou ofri kèk ti konsèy ak teknik pou konstwi kay ki ka reziste ak danje, pou ede prevni oswa redui domaj pou lòt katastwòf k ap vini yo. Pifò nan enfòmasyon yo pral bay yo se pou moun ki ka fè travay sa yo poukont yo ak moun ki se antreprenè jeneral. Yo kouvri sijè tankou asirans kont inondasyon, rekonstri kay ki inonde ak ranfòse sèvis piblik yo.

W ap jwenn bwochi referans gratis ki disponib ki gen enfòmasyon sou fason pou pwoteje yon kay kont domaj inondasyon. W ap jwenn plis enfòmasyon sou fason pou pwoteje pwopriyete nan www.fema.gov/protect-your-property.

Konseye FEMA yo pral disponib nan magazen sa yo 26 desanm jiska 6 janvye 2018:

Yo pap travay 30 desanm, 31 desanm ak 1ye janvye.

 

Konte

Lokalite

Broward

Home Depot
11001 Pines Blvd.
Pembroke Pines, FL 33026

Lendi-Samdi

8:00 a.m. – 6.00 p.m.

Miami-Dade

Lowe’s
17460 NW 57th Ave
Hialeah, FL 33015

Lendi-Samdi

8:00 a.m. – 6.00 p.m.

Miami-Dade

Home Depot
19400 SW 106th Ave
Miami, FL 33157

Lendi-Samdi

8:00 a.m. – 6.00 p.m.

 

 

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou yo ak premye sekouris yo pou asire antanke yon nasyon nou travay ansam pou bati, mentni epi amelyore kapasite nou pou n prepare n pou tout danje, pwoteje kont tout danje, reponn a tout danje, rekipere de tout danje epi aleje tout danje.

Asistans pou retablisman akoz katastwòf  la disponib san nou pa gade sou ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, konpetans nan lang anglè oswa estati ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-FEMA (3362). Pou TTY rele 800-462-7585.

Asistans lojman tanporè FEMA a ak sibvansyon pou depans pou transpò piblik, depans medikal ak dantè, ak depans pou fineray ak antèman pa mande pou yon moun aplike pou prete lajan nan SBA. Sepandan, kandida ki resevwa aplikasyon pou prete lajan nan SBA dwe soumèt aplikasyon sa yo bay responsab kredi SBA yo pou yo ka elijib pou asistans ki kouvri pwopriyete pèsonèl, reparasyon machin oswa ranplasman machin, ak depans pou demenajman ak pou mete bagay nan depo.

###

 

Tags:
Dènye mizajou