FEMA Toujou la pou ede Sivivan Florid yo

Release Date Release Number
DR-4337-FL NR 123
Release Date:
November 28, 2017

ORLANDO, Fla. – Delè limit pou enskri avèk FEMA te pase, men sa pa vle di FEMA ap kite. FEMA ap kontinye travay avèk Eta pou ede sivivan ak kominote yo rekipere.

Si ou te enskri pou èd, FEMA ankouraje w pou rete ankontak pou siveye reklamasyon w oswa pou enfòme ajans lan sou chanjman adrès oswa adrès imèl oswa nimewo telefòn ou, ak pou rapòte règleman asirans oswa lòt domaj ou te ka dekouvri apre enspeksyon kay ou.

Gen twa fason pou kontakte FEMA:

Delè limit pou aplikasyon pou yon prè dezas a fèb enterè avèk Administrasyon Ti Biznis Etazini te pase tou. Pou w jwenn plis enfòmasyon, rele Sant Sèvis Kliyan SBA nan 800-659-2955, oswa imèl disastercustomerservice@SBA.gov oswa vizite sitwèb SBA nan www.sba.gov/disaster. Si ou soud, gen difikilte pou tande oswa gen pwoblèm pale epi itilize yon TTY, rele 800-877-8339.

Kòm fen peryòd enskripsyon an se te Vandredi 24 Novanm:

  • Plis pase 2.6 milyon sivivan te kontakte FEMA pou asistans.
  • Plis pase $933 milyon te apwouve pou asistans endividyèl ak fanmi.
  • Plis pase $695 milyon nan prè fèb enterè dezas SBA pou mèt kay, lokatè ak pwopriyetè biznis yo ki te apwouve.  
  • Plis pase 27,000 reklamasyon nan Pwogram Nasyonal Asirans Inondasyon te soumèt.
  • Plis pase $369 milyon te peye pou reklamasyon apwouve NFIP.

FEMA te fè patenarya avèk Eta pou fonksyone 73 Sant Rekiperasyon Dezas. Plis pase 91,000 moun te vizite sant yo ki lokalize toupatou nan 48 konte ki deziyen yo pou resevwa enfòmasyon ak konsèy pou rekiperasyon.

Anplis, ekip Asistans Sivivan Dezas la te vizite plis pase 273,000 kay e yo te pale avèk plis pase  178,000 sivivan sou kijan FEMA ka ede nan efò rekiperasyon, pou reponn kesyon sivivan yo e, si nesesè pou ede sivivan yo enskri.

Pou w jwenn plis enfòmasyon sou rekiperasyon, vizite www.FEMA.gov/IrmaFL, oswa swiv nou @FEMARegion4 on Twitter ak sou FEMA’s Facebook page.

 

###

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou yo ansanm avèk sekouris yo pou asire ke antanke yon peyi nou travay ansanm pou bati, soutni ak amelyore kapasite nou pou prepare pou, pwoteje kont, reponn a, rekipere nan, ak diminye tout danje yo.

Asistans pou rekipere nan Katastwòf disponib san konte sou ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, Konpetans Angle oswa estati ekonomik.  Si oumenm oswa yon moun ou konnen te sibi diskriminasyon, rele liy telefòn gratis FEMA nan  800-621-FEMA (3362). Pou TTY rele  800-462-7585.

Asistans lojman tanporè FEMA ak sibvansyon pou depans transpò piblik, depans medikal ak dantè, ak depans pou fineray ak antèman pa egzije pou moun nan aplike pou yon prè SBA. Toutfwa, aplikan yo ki resevwa aplikasyon prè SBA dwe soumèt yo a yon ofisye prè SBA pou yo ka kalifye pou asistans ki kouvri pwopriyete pèsonèl, reparasyon veyikil oswa ranplasman, ak depans pou demenaje ak estoraj.o

###

Tags:
Dènye mizajou