Dat Echeyans pou Enskri pou Siklòn Laura ap Ekspire nan De (2) Semènn

Release Date Release Number
NR 056
Release Date:
Novanm 12, 2020

BATON ROUGE, La. —  Lokatè avèk pwopriyetè yo nan pawas ki deziyen pou asistans FEMA apre Siklòn Laura genyen jiska 27 novanm pou aplike pou èd .

Asistans federal genyen ladan li èd pou lojman tanporè, asistans pou lwaye ak reparasyon oswa ranplasman pwopriyete ki andomaje.

Anplis de sa, kapab genyen sibvansyon ki disponib pou ede avèk lòt depans tankou pou swen medikal ak swen dantè, gadri, frè pou fineray ak antèman, pou ranplase atik nan kay ki enpòtan yo, pou demenajman ak depo, pou reparasyon machin ak netwayaj.

Pou wè si ou ap viv nan pawas ki deziyen, vizite sitwèb:  https://www.fema.gov/disaster/4559/designated-areas.

Pou plis enfòmasyon oswa pou enskri pou asistans:

  • Rele Nimewo telefòn Gratis FEMA a nan  800-621-3362 (TTY 800-462-7585).
  • Vizite disasterassistance.gov/.
  • Pou jwenn yon Sant Rekouvreman pou Dezas ki bay sèvis pandan w nan machin voye tèks 43362 epi tape DRC avèk yon kòd lapòs (pa egzanp DRC 12345).
  • Pou jwenn yon lyen pou telechaje aplikasyon FEMA a:
  • Aparèy Apple yo: tèks APPLE nan 43362
  • Aparèy Android yo : tèks ANDROID nan 43362
  • Vizite fema.gov/about/news-multimedia/app
  • Rele 211 oswa tèks 527435837 nan 898-211. Pou moun yo ki evakye Louisiana k ap viv andeyò eta yo kounye a, tanpri rele 337-310-4636 Nimewo sa a valab tou pou itlizatè yo TTY ki endeyò eta yo.
  • Moun yo ki itilize yon sèvis relè tankou yon telefòn videyo, InnoCaption oswa CapTel ta dwe mete FEMA okouran sou nimewo espesifik ki asiyen  a sèvis sa a.

Sivivan Siklon Laura yo ki genyen kesyon sou reparasyon kay ta dwe kontakte  divizyon mitigasyon nanFEMA nan  866-579-0820 or at fema-mitoutreach-4559@fema.dhs.gov Lendi- Samdi, 8am a 6pm CDT. Pou jwen resous mitigasyon, vizite sitwèb  https://fema.connectsolutions.com/lauramit/.

Pou jwenn tou dènye enfòmasyon sou Siklòn Laura, ale sou  www.fema.gov/disaster/4559 Swiv kont Twitter Rejyon 6 FEMA a sou twitter.com/FEMARegion6.

Tags:
Dènye Mizajou