Dènye delè FEMA pou anrejistre pou Siklòn se yonsèl semèn

Release Date Release Number
NR 057
Release Date:
November 19, 2020

BATON ROUGE, La. — Lokatè ak pwopriyetè kay yo nan pawas ki deziyen pou asistans FEMA apre siklòn Laura gen jiska 27 Novanm pou anrejistre pou èd.

Asistans Federal gen ladan èd pou lojman tanporè, asistans pou lwaye ak reparasyon oswa ranplasman pwopriyete ki andomaje.

Anplis, sibvansyon yo kapab disponib pou ede avèk lòt depans yo tankou swen dantè ak medikal, gadri, depans pou fineray ak antèman, ranplase atik kay esansyèl yo, demenajman ak storaj, reparasyon veyikil ak netwayaj.

Pou wè si wap viv nan yon pawas ki deziyen, vizite: https://www.fema.gov/disaster/4559/designated-areas.

Pou w jwenn plis enfòmasyon oswa pou enskri pou asistans:

  • Rele liy èd FEMA nan 800-621-3362 (TTY 800-462-7585).
  • Vizite disasterassistance.gov/.
  • Pou w jwenn yon Sant Rekiperasyon Katastwòf mobil (DRC), tèks 43362 epi tape DRC ak yon kòd Postal (pa egzanp DRC 12345).
  • Pou resvwa yon lyen pou telechaje aplikasyon FEMA a:

 

Moun yo ki itilize yon sèvis relè tankou videyo telefòn, InnoCaption oswa CapTel ta dwe bay FEMA enfòmasyon ajou avèk nimewo spesifik yo ki asiyen nan sèvis sa a. 

Sivivan siklòn Laura yo ki genyen kesyon sou reparasyon kay ta dwe kontakte sèvis sansibilizasyon FEMA nan 866-579-0820 oswa nan fema-mitoutreach-4559@fema.dhs.gov Lendi-Samdi, 8 a.m. rive 6 p.m. CDT. Pou gade resous alèjman vizite https://fema.connectsolutions.com/lauramit/.

 

Pou w jwenn plis enfòmasyon sou Siklòn Laura, vizite www.fema.gov/disaster/4559  oswa swiv nou nan kont Twitter Rejyon 6 FEMA nan

twitter.com/FEMARegion6.

Tags:
Dènye mizajou