Lojman Pwovizwa pou Sivivan Ouragan Michael

Release Date Release Number
R4-DR-4399-FL FS 010
Release Date:
November 9, 2018

FEMA ap travay anpil avèk Eta Florida pou ede sivivan yo retounen nan aktivite yo apre Ouragan Michael.
 

Lokatè yo ak pwopriyetè kay yo dwe enskri avèk FEMA pou nou konsidere yo pou èd pou lojman akòz katastwòf la, yon èd nou ka bay si ou pa gen lòt chwa pou lojman epi si ou pa kapab viv nan lojman pèmanan ou.

Èd lojman pwovizwa FEMA se yon sibvansyon epi ou pa gen pou ranbouse li.

 

Ki Kalite Èd Lojman Ki Pi Byen Adapte Pou Sitiyasyon Ou?

 

Èd pou Peye Lwaye

 

Èd pou Peye Lwaye bay bourad lajan pou yon ti tan pou lojman konvnab nan lwaye pandan reparasyon ap fèt nan kay domaje ou, oswa si ou bezwen jwenn lojman pèmanan nan yon lòt adrès. Paske resous pou lwaye ak lojman ka pa anpil nan kèk zòn, ou ka gen pou chèche deyò kominote imedyat ou.

                                                                    

Asistans pou Lojman Pwovizwa

 

Sou yon baz ka-pa-ka, FEMA ka peye pou chanm otèl nan otèl patnè yo pandan sivivan yo ap jwenn lojman pou anpil tan oswa pandan y ap fini reparasyon nan kay domaje yo. Ou dwe se yon aplikan pou èd akòz katastwòf nan konte Bay, Gulf oswa Jackson san yon kote pou viv pou nou konsidere ou pou TSA.

 

Lojman Dirèk

 

Lojman Pwovizwa Dirèk bay kay pre-fabrike, tankou veyikil lwazi (recreational vehicle, RV)ak kay sou woulèt. 

 

Akòz gwo domaj nan lojman lokal yo ak kantite moun ki afekte yo, nou apwouve Lojman Pwovizwa Dirèk pou konte Bay, Calhoun, Gadsden, Gulf ak Jackson.

 

Akòz chwa lojman yo ki pa anpil nan kèk konte, nou pa garanti n ap ba ou Lojman Dirèk nan katye ou oswa toupre li.

 

Eta Florida ak FEMA apwouve Lojman Pwovizwa Dirèk nan fason ki endike anba la yo:

  • RV yo ka sèvi lè gen yon bezwen pou lojman pou sis mwa oswa mwens. Nou ka mete RV 1yo nan pak komèsyal oswa nan chantye prive nou apwouve.
  • Inite Lojman Pre-Fabrike (Manufactured Housing Units, MHU) yo ka sèvi kòm yon solisyon pou anpil tan lè li pran anpil tan pou reparasyon yo fèt.
  • Lokasyon ak Reparasyon pou Anpil Tan gen ladan reparasyon FEMA epi fè amelyorasyon nan lojman ki la deja pou anpil fanmi, travay avèk pwopriyetè yo pou asire lojman pou yon tan kout disponib pou sivivan yo.

Aplike avèk FEMA pou nou konsidere ou pou Èd pou Lwaye, Èd pou Abri Pwovizwa, oswa Èd pou Lojman Dirèk

  • Ou ka aplike nan entènèt sou sitwèbDisasterAssistance.gov oswa depi ou rele liy èd akòz katastwòf nan nimewo 800-621-3362 (pou pale, 711 oswa VRS) oswa 800-462-7585 pou moun ki itilize TTY.
  • Lè w ap enskri pou èd pou katastwòf, n ap mande ou bay enfòmasyon sou domaj ki fèt nan kay ou. Yon enspeksyon FEMA ki pwograme ap verifye si kay ou danjere, si ou pa kapab viv ladan, oswa si li pa fasil pou antre ladan.
  • FEMA pa kapab double èd ou te resevwa nan konpayi asirans ou.
  • Kèk lòt entèvyou ka nesesè nan telefòn si ou kalifye pou èd pou lojman. Moun ki apwouve pou èd pou lojman dwe montre y ap fè efò pou jwenn lojman pou anpil tan epitou yo dwe rete kalifye pou èd la.

 

 

###

 

Misyon FEMA: N ap ede moun anvan, pandan epi apre katastwòf.

 

Pou jwenn yon lis resous ki disponib pou moun ak biznis ki afekte nan Ouragan Michael, ale sou sitwèb, www.floridadisaster.org/info

 Pou jwenn plis enfòmasyon sou redrèsman apre Ouragan Michael, ale sou sitwèb www.fema.gov/disaster/4399.

 

Swiv FEMA ak Divizyon Jesyon Ijans Florida sou Twitter nan   @ FEMARegion4   ak   @FLSERT.   Ou ka vizite FEMA ak paj Facebook Divizyon an tou nan   Facebook.com/FEMA    ak  Facebook.com/FloridaSERT  .

 

 

 

 

Tags:
Dènye mizajou