Florida ak FEMA ap Kolabore pou Ankouraje Rezilyans Kominotè atravè Pwogram Sibvansyon Mitigasyon Risk la

Release Date Release Number
R4-DR-4399-FL FS 016
Release Date:
November 29, 2018

Yon sous enpòtan asistans federal pou katastwòf posib grasa Pwogram Sibvansyon Mitigasyon Risk nan FEMA. Lajan HMGP yo ka vin disponib apre deklarasyon prezidan an fè lè gen gwo katastwòf . Dola HMGP bay yo ede ranfòse kominote yo nan amelyore bilding, etablisman ak enfrastrikti moun itilize toulejou. A Rapò 2018 Enstiti Nasyonal pou Syans Batiman (National Institute of Building Sciences) te jwenn ke yon dola ki depanse pou mitigasyon risk ap egal ak plis pase sis dola ki depanse pou rekiperasyon ak rekonstriksyon.

 

  • Objektif HMGP Florida yo se:          
    • Anpeche moun pèdi lavi yo epi anpeche domaj pwopriyete akoz katastwòf alavni.
    • Enplemante plan leta oubyen lokal yo pou diminye risk.
    • Aktive mezi mitigasyon ki dwe enplemante pandan rekiperasyon imedya.
    • Bay finansman pou mezi mitigasyon ki te deja idantifye yo ki ap benefisye zòn katastwòf la.

 

  • Anjeneral, HMGP ka bay yon eta, tribi oubyen yon teritwa jiska 15 pousan nan total sibvansyon FEMA alwe pou yo. Eta tankou Florida ki reponn ak kondisyon planifikasyon pou mitigasyon ki pi elve kapab kalifye pou yon pi wo pousantaj.

 

  • Florida genyen yon Plan Mitigasyon Amelyore ke FEMA apwouve, ki fè eta a kalifye pou finansman HMGP ki paka depase 20 pousan montan total estimasyon lajan FEMA depanse nan sibvansyon pou katastwòf nan katastwòf Siklòn Michael la. Nan montan sa a, HMGP ranbouse eta a 75 pousan depans ki kalifye pou pwojè mitigasyon yo. Montan ki rete a soti nan lòt sous tankou aktif leta ak lokal yo epi yon konbinezon sous ki se kach ak byen.

 

  • Se Divizyon Jesyon Ijans Florida (FDEM) ki jere HMGP a. FDEM distribye lajan an bay aplikan ki kalifye sou baz yon sistèm twa nivo, kote konte ki deklare yo nan de pi wo nivo yo epi konte ki pa kouvri nan deklarasyon an nan twazyèm nivo a.

 

  • Nan Florida, konte yo patisipe nan Gwoup ki ap Travay nan Estrateji Mitigasyon Lokal Florida (LMS) la pou yo idantifye, chwazi, epi soumèt pwojè mitigasyon ki kalifye bay eta a.

 

  • Lajan HMGP yo benefisye tout moun nan yon kominote atravè yon seri pwojè tankou konstriksyon ki pi avanse pase estanda kòd konstriksyon ki anplas aktyèlman yo, elevasyon kay ak konstriksyon sal sekirize.

 

Pou plis enfòmasyon, al vizite www.floridadisaster.org/DEM/Mitigation.

 

Tags:
Dènye mizajou