Fèy Enfòmasyon: Asistance ou jwenn lòt Kote Pral Afekte Montan Sibvansyon FEMA

Release Date Release Number
DR-4393-NC FS 022
Release Date:
October 17, 2018

Yon asistans katastwòf ki sòti tout kote—ki gen ladan li asirans ak zèv—kapab konsidere pou detèmine montan asistans FEMA te bay yo ak sila yo Siklòn Florence lan te frape an. Sa evite yon "miltiplikasyon avantaj yo." Se pou di w, FEMA pa kapab ba w menm byen ak sèvis yo ou pran lòt kote yo.

 

Moun ki kalifye yo pou asistans katastwòf kapab resevwa asistans finansyè nan men FEMA nan chèk oswa depo dirèk nan bank. Nan yon jou osinon de (2) jou aprè depo an, moun nan pral resevwa yon lèt k ap eksplike kalite ak montan lajan asistans lan ak kijan pou li itilize li. Règlemantasyon yo limite montan total asistans finansyè yon moun nan kay la kapab resevwa nan men FEMA.

 

Asistans eta ak federal limite pou pwopriyetè ak lokatè yo kapab gen ladan li:

 

  • Sibvansyon asistans lwayaj—ede w peye yon lojman pou yon titan pou dòmi pandan kay ou nan reparasyon. Montan an varye daprè pri lwaye ki sou mache an pou yon kay oswa yon apatman selon kantite ak bezwen moun ki nan fanmi w, ki gen ladan li tout aksè ak bezwen fonksyonèl pou sila yo ki andikape yo. Chak ane, Depatman Devlopman Lojman ak Iben (Housing and Urban Development, HUD) detèmine pri lwaye sou mache an pou tout zòn metwopolitèn lan.
  • Sibvasyon reparasyon kay—pou ede peye pou reparasyon debaz kay yo, men sèman yon kantite kont pou mete kay ou an sou pye nan yon kondisyon ki an sekirite, ijenik ak fonksyonèl. Egzanp espesifik yo gen ladan yo:
    • Domaj nan plafon ak twati: Sibavansyon FEMA yo kapab kouvri flit katastwòf lan lakòz nan yon twati ki domaje plafon yo ak menase pyès elektrik yo tankou plafonye yo. Pri pou repare tach minè yo nan flit twati yo pa ranbousab.
    • Aparèy: FEMA kapab bay asistans ak aparèy lè cho ak dlo cho katastwòf lan bay yon domaj Materyèl ki pa esansyèl yo tankou ekipman pou lave vesèl ak distraksyon nan kay p ap jwenn asirans.

 

    • Etaj: FEMA kapab bay asistans pou repare fo planche yo ki nan pati nan kay la ki abite an katastwòf lan domaje an.
    • Fenèt: FEMA kapab bay asistans pou fenèt katastwòf lan kase yo, men se pa pou jalouzi ak rido yo.
  • Sibvansyon pou asistans pwopriyete pèsonèl yo—pou ede w repare oswa ranplase materyèl katastwòf lan domaje. Règlemantasyon yo limite depans pou ranplase materyèl ki gen kalite, gwosè ak kapasite.
  • Lòt sibvansyon Asistans Bezwen yo (Other Needs Assistance, ONA)—pou ede peye bezwen grav yo ki gen rapò ak katastwòf lan ki pa gen asirans oswa lòt sous. Depans yo gen ladan yo frè medikal, dantè, fineray, asirans kolektif gwoup moun ki inonde (si sa valab), transpò, ak frè demenajman ak depo. Pa egzanp, yon sibvansyon ONA kapab sèvi pou kouvri depans swen gadri Siklòn Florence lan lakòz.

Si moun yo depanse lajan asistans yo nan lòt bagay kote kòb sa pa te debloke pou sa, yo kapab pa jwenn asistans ankò lè gen yon pwochen katastwòf federal ki frape. Nan kèk ka, Fema pral mande w pou w ranbouse li lajan an.

 

Yo bay prè ak yon to enterè ki ba ak moun ki viktim nan yon katastwòf nan Administrasyon Ti Antrepriz (Small Business Administration, SBA). Pandan pèsòn pa gen obligasyon pou pran prè an (oswa yon pati prè sa), montan total yo bay lan kapab konsidere tankou yon avantaj—ki pa kapab miltipliye—kit ou jwenn prè an kit ou pa jwenn li.

 

Lòt founisè finansman ki gen rapò ak katastwòf la—tankou HUD ak komite rekouvreman alontèm yo—kapab konsidere montan total sibvansyon FEMA te apwouve an ak prè SBA yo avan yo bay nenpòt prè ak yon moun nan yon fanmi. Sa se pou anpeche miltiplikasyon avantaj yo.

 

Yo priye sila yo k ap resevwa asistans lan an gras pou kenbe resi depans katastwòf yo an pou montre lajan an te itilize pou satisfè bezwen ki gen rapò ak bezwen yo. Si w resevwa yon aranjman ki kouvri menm depans yo, ou dwe ranbouse FEMA. Yon odit vag fèt pou konfime fon yo te depanse kòrèteman.

 

Si w gen kesyon, rele sèvis kliyantèl asistans katastwòf nan 800-621-3362 (vwa, 711 oswa VRS) oswa 800-462-7585 (TTY).

 

###

 

Misyon FEMA se pou ede moun anvan, pandan epi aprè katastwòf.

 

Tags:
Dènye mizajou