Ouvèti Gichè chofè nan Sant Relans Apre Dezas nan Pawas St. Landry

Release Date Release Number
NR 048

BATON ROUGE, La. – Yon Gichè chofè ap louvri nan Sant Relans apre Dezas Eunice la, Pawas St. Landry 15 oktòb.

Anplwaye FEMA ap disponib nan gichè chofè yo pou eskane dokiman, ede avèk anrejistreman epi reponn kesyon sou pwogram èd apre katastwòf la.

Sant lan ap fonktyone daprè pwotokòl COVID-19 strik pou asire sekirite vizitè yo. Mask oswa kachne obligatwa pou antre ak jwenn sèvis. Vizitè yo ap rete nan machin yo. Yon espesyalis ki gen on mask nan figi l ap resevwa dokiman nan vit la epi remèt yo.

Ou pa bezwen randevou. Orè operasyon yo se 7 a.m. pou 5 p.m. sèt jou sou sèt.

Sant ki gen gichè chofè a nan:

Word Ministry Church Parking Lot

1960 W. Laurel Ave,

Eunice, LA 70535

 

Gen lòt sant k ap relouvri nan Louisiana. Sinistre yo ka vizite nenpòt sant ki ouvè. Pou jwenn sant ki pi pre w la, rele nimewo asistans FEMA a, vizite www.DisasterAssistance.gov or egateway.fema.gov/ESF6/DRCLocator oswa telechaje App selilè FEMA a nan fema.gov/about/news-multimedia/app.

 

Sivivan yo pa oblije vizite yon sant ki gen gichè chofè pou fè yon demann oswa mete demann yo ajou. Pou poze kesyon endividyèl oswa soumèt enfòmasyon:

 

 

  • Rele nimewo sèvis asistans FEMA a nan 800-621-3362 oswa TTY 800-462-7585. Moun ki sèvi ak yon sèvis relè tankou yon videofòn, Innocaption oswa CapTel ta dwe fè FEMA konnen ki nimewo espesifik yo dedye a sèvis sa a.
  • Vizite disasterassistance.gov/
  • Pou resevwa lyen pou telechaje app FEMA a (selon aparèy ou an) :
    • Aparèy Apple: nan yon tèks voye APPLE bay 43362
    • Aparèy Android: nan yon tèks voye ANDROID bay 43362
  • Rele 211 oswa voye 527435837 nan tèks bay 898-211. Pou moun Louisiana ke te evakye epi ki pa nan Louisiana kounye a, tanpri rele 337-310-4636. Pou resevwa asistans, nimewo sa a bon tou pou moun ki itilize TTY ki pa nan eta a.
  • Vizite fema.gov/about/news-multimedia/app
  • Pou jwenn yon DRC kondwi-rive ou ka tèks 43362 epi tape DRC (Kòd postal ou) pou egzanp DRC 01234.

 

Prè SBA ak to enterè fèb pou katastwòf ki rive jiska 2 milyon dola yo disponib pou biznis nenpòt ki gwosè epi kèk òganizasyon san bi lokratif pou dega materyèl. Pou ti biznis yo, sa ki konsakre yo a akwakilti, ak majotite sa ki san bi likratif prive yo ka prete jiska 2 milyon dol dola pou kouvri bezwen fon woulman yo menm si pa gen okenn dega materyèl.

Pwopriyetè kay ka prete jiska 200,000 dola pou swa repare oubyen ranplase yon rezidans prensipal. Pou pwopriyetè kay ak lokatè yo, gen jiska 40,000 dola pou ranplase byen pèsonèl, ki kapab on machin, ki disponib.

Biznis yo ak rezidan yo ka fè demann yo sou entènèt nan www.sba.gov/funding-programs/disaster-assistance oswa voye yon imèl  FOCWAssistance@sba.gov. Pou asistans pou ranpli yon aplikasyon SBA a, rele nan 800-659-2955. Moun ki soud ak moun ki pa tande byen ka rele nan (800) 877-8339 oswa voye yon imèl bay FOCWAssistance@sba.gov.   

Sinistre siklòn Laura ki gen kesyon sou reparasyon kay ta dwe kontakte sansibilazyon limitasyon domaj FEMA a nan 866-579-0820 oswa nan fema-mitoutreach-4559@fema.dhs.gov Lendi-Samdi, de 8am a 6pm CDT. Pou wè resous limitasyon domaj la  vizite https://fema.connectsolutions.com/lauramit/.

Pou dènye enfòmasyon sou Siklòn Laura, vizite www.fema.gov/disaster/4559 oswa swiv kont Twitter FEMA Rejyon 6 nan twitter.com/FEMARegion6.

Tags:
Dènye mizajou