Òganizasyon Volontè Jwe yon Wòl Vital nan Pwosesis Rekiperasyon

Release Date Release Number
NR 007
Release Date:
November 16, 2020

BATON ROUGE, La.– Apre Lwizyann te fin frape pa Siklòn Laura ak Delta, volontè ak patenè kominotè te reponn alèd bezwen imedya sivivan yo nan pote manje ak rad, netwaye debri avèk ede rezidan yo nan pwosesis rekiperasyon yo.

Òganizasyon tankou Lakwa Wouj, Lame du Salu, avèk bank alimantè Feeding Louisiana te distribye plis pase 14 milyon repa. Distribisyon manje kominotè kontinye onivo òganizasyon pawas lokal yo, gwoup konfesyonèl, avèk bank alimantè tankou Second Harvest.

Central Louisiana United Way fè don itilizasyon yon gwo depo pou kolèk ak distribisyon materyèl dèd dijans. Patenè sou tout teritwa nasyonal la tankou kominote Advantis avèk United Way of Southwest Louisiana fè don kit sanitè, dlo, manje, mask pou kouvri figi, avèk dezenfektan men.

Anviwon 2,340 sivivan kontinye rete nan otèl nan Pogram Abri Separe Lakwa Wouj ap jere. Genyen senk mezon dabri separe pou sivivan nan Nouvèl Òleyan, youn nan Baton Wouj epi yon lòt nan Lafayèt. Opsyon abri non tradisyonèl pou sivivan yo genyen otèl, lekòl, dòtwa, oswa lòt kalte lojman ki kenbe manm kay yo separe youn de lòt. Òganizayon benevòl yo kore efò sa a nan fè jesyon dosye, bay asistans transpò epi ede ak bezwen medikal yo.

 

Immediate Disaster Case Management (IDCM – Jesyon Dosye Imedya kont Dezas), ki se yon pogram don Asistans Endividyèl FEMA, gen yon sant dapèl vityèl avèk travayè sosyal ki la sou plas pou bay sivivan yo èd endividyèl pou yo ka navige tout pogram sinistre yo epi idantifye resous ki disponib yo.

 

Louisiana Voluntary Organizations Active in Disasters (LAVOAD- Òganizasyon Volontè Lwizyann Aktif kont Dezas) se yon konsòsyòm volontè ak gwoup benevòl ki konsakre tè yo pou bay èd kritik sivivan ak kominotè yo bezwen nan tout faz dezas lan. Manm yo se Consulting Partners, United Methodist Louisiana Conference, Lutheran Social Services Disaster Response avèk Samaritans’ Purse. Òganizasyon benevòl sa yo rankontre regilyèman pou yo diskite defi kominote yo ap rankontre epi jwenn mwayen inovan nan kolabore ansanm pou  jwenn repons ak bezwen sivivan yo.

Ajans Lyezon Volontè (VALs) FEMA sèvi kòm pwen kowòdinasyon santral ant biwo gouvènman lokal, eta, tribal, teritoryal, avèk federal ansanm ak volontè, òganizasyon konfesyonèl, kominotè—ki enkli kowòdinasyon pou volontè, don, epi moun k ap bay sèvis kont dezas. VALs jwe yon wòl vital nan misyon FEMA epi souvan envite pou sèvi kòm pon ant FEMA avèk kominote a. VALs reyini tout òganizasyon yo pou fòme Gwoup k ap travay sou Rekiperasyon Alon-Tèm, ki se yon seri òganizasyon kominotè ki tabli nan zòn dezas yo pou ede sivivan yo nan pwosesis rekiperasyon an. Gwoup sa yo founi mendèv, materyèl, avèk lajan pou ede sivivan yo reponn ak bezwen yo genyen ki pa ranpli tankou reparasyon/konstriksyon kay yo, pèt pwopriyete pèsonèl yo sibi avèk asistans yo bezwen pou peye lwaye, kouran, dlo, oswa fè depo. 

Kouman Ou ka Ede epi Jwenn Èd

 

Men sèvis ak pogram ki disponib pou ede sivivan epi founi opòtinite pou volontè:

 

Louisiana 211

  • Sivivan k ap chache enfòmasyon konsènan sèvis ki gen arevwa ak dezas epi ki gen bezwen ki pa ranpli akòz Siklòn Laura oswa Delta, ka rele nan 2-1-1, yon sèvis rekòmandasyon sou tout teritwa nasyonal la pou yo ka jwenn resous nan kominote lokal yo. Resous ki genyen yo se manje, gadri pou timoun, asistans finansye, ankadreman siko sosyal nan ka sinistre, avèk Jesyon Dosye Imedya an ka Dezas (IDCM).

 

Volontarya avèk Don

 

Pou tout dènye enfòmasyon sou Siklòn Laura, al sou fema.gov/disaster/4559. Pou tout dènye enfòmasyon sou Siklòn Delta, al sou gov/disaster/4570. Oswa, swiv kont Twitter FEMA Region 6 sou twitter.com/FEMARegion6.

 

 

Tags:
Dènye mizajou