Fè fas avèk estrès Jou Ferye apre Siklòn Irma

Release Date Release Number
DR-4337-FL NR 142
Release Date:
December 26, 2017

ORLANDO, Fla. – Si kay, biznis oswa pwopriyete pèsonèl ou te andomaje oswa detwi akoz siklòn Irma, oumenm oswa fanmi w ka gen difikilte pou fè fas avèk enpak emosyonèl katastwòf. Si wap chèche pou rebati oswa si ou te deplase lakay ou, sezon jou ferye sa a ka espesyalman difisil.

Resous sou entènèt FEMA, Fè fas avèk Katastwòf, bay sijesyon ki ka fasilite estrès ki kapab swiv yon evènman twomatizan tankou resan siklòn, ki kapab menm pi difisil pandan sezon fèt sa a. Gen seksyon spesyal sou kijan pou rekonèt siy estrès ki gen rapò avèk katastwòf, ak fason ou ka ede timoun yo fè fas avèk bezwen emosyonèl yo.

Pami sijesyon yo:

  • Limite ekspozisyon a kouvèti nouvèl tromatizan ak medya sosyal osijè katastwòf.
  • Rete konekte avèk fanmi ak zanmi yo.
  • Aksepte reyalite ke rekiperasyon an ka pran tan.

Katastwòf yo  ka fè timoun yo santi yo pè, gen konfizyon, ak ensekirite. Keseswa yon timoun te sibi chòk pèsonèlman, te wè evènman an nan televizyon, oswa te tande adilt ap diskite sou li, li enpòtan pou paran ak pwofesè yo enfòme epi pare pou ede si reyaksyon kòmanse parèt pou estrès.

Anplwaye yo nan Mayo Clinic di sezon jou ferye koze estrès ak depresyon lakay kèk moun. Sa a ka ogmante pa enpak emosyonèl lòt sitiyasyon, tankou siklòn Irma. Yo ofri kèk konsèy sou kijan pou fè fas avèk estrès, depresyon ak jou fèt yo.

Daprè Enstiti Nasyonal pou Sante Mantal, sentòm depresyon ka gen ladan:

  • Difikilte pou konsantre, sonje detay, ak pran desizyon
  • Fatig ak diminisyon enèji
  • Santiman kilpabilite, pa vo anyen, ak/oswa enpwisans,
  • Santiman dezespwa ak/oswa pesimis
  • Pa ka dòmi, reveye bonè nan maten, oswa dòmi twòp
  • Chimerik, ajitasyon
  • Mank enterè nan aktivite ou te renmen

Administrasyon Sèvis Sante Mantal ak Abi Sibstans bay sipò ak konsèy pou kriz epi sipòte moun kap eksperimante detrès emosyonèl ki gen rapò avèk katastwòf natirèl oswa sa moun koze. SAMHSA bay sipò nan liy èd gratis pou Dezas li a ki gen sipò konfidansyèl ak nan plizyè lang. Angwas, estrès, ansanm avèk lòt sentòm tankou depresyon yo se reyaksyon komen apre yon katastwòf. Rele 800-985-5990 oswa tèks TalkWithUs nan 66746 pou konekte avèk yon konseye ki fòme nan kriz.

Ou ka jwenn lòt resous pou ede w ansanm avèk pitit ou fè fas apre katastwòf la nan sitwèb sa yo, oswa lè ou rele nimewo yo bay anba:

###

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou yo ansanm avèk sekouris yo pou asire ke antanke yon peyi nou travay ansanm pou bati, soutni ak amelyore kapasite nou pou prepare pou, pwoteje kont, reponn a, rekipere nan, ak diminye tout danje yo.

Asistans pou rekipere nan Katastwòf disponib san konte sou ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, Konpetans Angle oswa estati ekonomik.  Si oumenm oswa yon moun ou konnen te sibi diskriminasyon, rele liy telefòn gratis FEMA nan  800-621-FEMA (3362). Pou TTY rele 800-462-7585.

Asistans lojman tanporè FEMA ak sibvansyon pou depans transpò piblik, depans medikal ak dantè, ak depans pou fineray ak antèman pa egzije pou moun nan aplike pou yon prè SBA. Toutfwa, aplikan yo ki resevwa aplikasyon prè SBA dwe soumèt yo a yon ofisye prè SBA pou yo ka kalifye pou asistans ki kouvri pwopriyete pèsonèl, reparasyon veyikil oswa ranplasman, ak depans pou demenaje ak estoraj.

###

Tags:
Dènye mizajou