Ekip FEMA yo nan katye nan Konte Broward

Release Date Release Number
DR-4709-FL NR-002
Release Date:
May 1, 2023

LAKE MARY, Fla. – Ekip sansibilizasyon FEMA yo ap chèche kominote ki afekte nan gwo tanpèt, tònad ak inondasyon ki te fèt 12-14 avril nan Konte Broward pou ede rezidan yo aplike pou asistans FEMA epi pou yo reponn kesyon sou asistans federal.

Ekip yo, ke yo rekonèt kòm ekip Asistans Sivivan Katastwòf, ap vizite pòt an pòt pou idantifye byen vit bezwen sivivan yo epi pou ede yo ak anrejistreman. Ekip yo ka ede ak:

  • Soumèt aplikasyon pou asistans federal.
  • Verifye estati aplikasyon an oswa fè ti chanjman nan aplikasyon an.
  • Bay enfòmasyon sou dwa sivil ak entegrasyon moun andikap pou asire ke tout sivivan yo gen aksè egal ak asistans FEMA.

Ou ka gen plizyè reprezantan asistans pou katastwòf k ap vizite pwopriyete w la, tankou ajan asirans, enspektè domaj, FEMA ak anplwaye Administrasyon Ti Biznis Etazini yo.

Anplwaye sansibilizasyon FEMA ap mete rad FEMA, toujou gen foto idantifikasyon FEMA, epi pa janm  chaje pou asistans.

Pou jwenn plis enfòmasyon sou rekiperasyon nan Florid, vizite fema.gov/disaster/4709 ak  floridadisaster.org/. Suiv nou sou Twitter: @FLSERT ak @FEMARegion4.

Tags:
Dènye mizajou