ORLANDO, Fla. – Anvan ou kòmanse rebati kay ou nan Florida, ka gen yon tèm nan Pwogram Nasyonal Asirans Inondasyon [National Flood Insurance Program (NFIP)] ou dwe okouran: “ gwo domaj.”
Li komen pou panse gwo domaj senpleman dekri yon estrikti ki te sibi yon gwo domaj nan yon inondasyon oswa nenpòt lòt sous tankou dife, toubiyon oswa tranblemantè.
An reyalite, gwo domaj se yon tèm spesifik ki aplike a yon strikti andomaje nan yon zòn Inondasyon espesyal– oswa plèn inondasyon – pou sa pri total pou reparasyon yo se 50 pousan oswa plis nan valè estrikti mache a anvan dezas la te fèt. Pa egzanp, si valè mache estrikti a anvan domaj la se te $200,000 e yo estime reparasyon yo ap koute $120,000, estrikti sa a gen “gwo domaj.” Yo pa ka enkli valè teren an nan detèminasyon an.
Li enpòtan pou w konnen pousantaj domaj estrikti a paske enfòmasyon sa a ap ede mèt pwopriyete a pou deside si wi oswa non lap repare oswa ranplase yon kay ki andomaje, ak si plis travay pral nesesè pou konfòme avèk tout òdonans ak kòd lokal yo, tankou elevasyon yon kay nan yon plèn inondasyon.
Desizyon sou yon estrikti ki te sibi gwo domaj fèt nan nivo gouvènman lokal la, jeneralman pa yon otorite bilding oswa manadjè plèn inondasyon an.
Pou kominote yo kap patisipe nan Pwogram Nasyonal Asirans Inondasyon an, detèminasyon gwo domaj jeneralman obligatwa daprè òdonans jesyon plèn inondasyon lokal. Ódonans sa yo dwe anplas pou rezidan yon kominote achte asirans inondasyon.
Pou kalkile gwo domaj, otorite lokal la ap fè yon enspeksyon vizyèl nan kay la, pran nòt sou enpak estrikti a nan li menm e, lè sa posib, antre andedan. Nòt sa yo, ansanm avèk lòt enfòmasyon tankou valè pwopriyete a ak estimasyon depans pou reparasyon, ap itilize pou kalkile pousantaj domaj ki nan estrikti a.
Depi yo fin fè detèminasyon pousantaj domaj la, otorite lokal yo kidonk ap pataje enfòmasyon sa a avèk mèt kay la si estrikti yo gen gwo domaj.
Si yo detèmine yon bilding nan yon plèn inondasyon gen gwo domaj, yo dwe mete l an konfòmite avèk règleman jesyon plèn inondasyon lokal la:
- Mèt kay yo ki deside pou rebati ka bezwen pou elve estrikti yo, oswa chanje yo nan kèk lòt fason pou konfòme avèk règleman plèn inondasyon lokal sa yo epi evite pwochen pèt akoz inondasyon.
- Pwopriyetè estrikti ki pa rezidansyèl yo ka gen otorizasyon pou pwoteje bilding yo kont inondasyon alaplas elevasyon.
Pou w jwenn plis enfòmasyon sou kijan oswa poukisa yo te fè yon detèminasyon sou gwo domaj, mèt kay yo ta dwe kontakte otorite bilding lokal yo.
Tout mèt pwoppriyete yo ta dwe verifye avèk otorite bilding lokal yo pou detèmine pèmi pou reparasyon obligatwa anvan travay la kòmanse. Depannde kòd lokal ak òdonans yo, ka gen konsekans grav paske yo pa konfòme avèk pwosesis pèmi a.
Mèt pwopriyete yo ki gen yon kontra asirans inondasyon ak yon bilding ki gen gwo domaj nan yon zòn Inondasyon espesyal ka anmezi pou itilize plis lajan nan kontra asirans inondasyon yo (jiska $30,000) pou ede kouvri depans pou elevasyon, relokalizasyon oswa demoli yon estrikti.
Pou w jwenn plis enfòmasyon sou dispozisyon sa a– ki konnen tou tankou Ogmante Pri Konfòmite– kontakte ajan asirans ou.
Pou w jwenn plis enfòmasyon sou asirans jeneral inondasyon, kontakte administratè plèn inondasyon lokal ou, Pwogram Nasyonal Asirans Inondasyon nan 800-427-4661 oswa ajan asirans lokal ou. Enfòmasyon an disponib tou nan www.fema.gov ak www.floodsmart.gov.
###
Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou yo ansanm avèk sekouris yo pou asire ke antanke yon peyi nou travay ansanm pou bati, soutni ak amelyore kapasite nou pou prepare pou, pwoteje kont, reponn a, rekipere nan, ak diminye tout danje yo.
Asistans pou rekipere nan Katastwòf disponib san konte sou ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, Konpetans Angle oswa estati ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te sibi diskriminasyon, rele liy telefòn gratis FEMA nan 800-621-FEMA (3362). Pou TTY rele 800-462-7585.
Asistans lojman tanporè FEMA ak sibvansyon pou depans transpò piblik, depans medikal ak dantè, ak depans pou fineray ak antèman pa egzije pou moun nan aplike pou yon prè SBA. Toutfwa, aplikan yo ki resevwa aplikasyon prè SBA dwe soumèt yo a yon ofisye prè SBA pou yo ka kalifye pou asistans ki kouvri pwopriyete pèsonèl, reparasyon veyikil oswa ranplasman, ak depans pou demenaje ak estoraj.