Sant Sekou Pou Katastwòf pral louvri nan Konte Collier ak Monroe pou Sivivan Florida yo

Release Date Release Number
DR-4337-FL NR 037
Release Date:
October 3, 2017

ORLANDO, Fla. – De Sant Sekou pou Katastwòf (Disaster Recovery Centers,DRC) pral louvri madi 3 oktòb nan Konte Collier, ak Monroe pou ede sivivan ouragan yo nan Florida. DRC yo pral louvri depi 8 a.m. jiska 8 p.m. sèt jou pa semèn jouk lè gen avi kontrè.

Sant Sekou pou Katastwòf yo ofri sipò fas-a-fas pou moun ak pwopriyetè ti biznis yo. Espesyalis sekou yo ki nan Administrasyon Federal pou Jesyon Ijans ( Federal Emergency Management Administration , FEMA), Administrasyon Ti Biznis Ameriken(U.S. Small Business Administration, SBA)  disponib pou bay èd pou nenpòt moun pou ranpli aplikasyon oswa pou modifye sitiyasyon yo. Gen òganizasyon volontè ki disponib epi ki ofri anpil kalite sèvis pou ede sivivan yo retounen nan aktivite yo.

DRC yo nan adrès ki endike anba la a:

Golden Gate Community Center (Konte Colliery)
4701 Golden Gate Parkway
Naples, FL 34116
Orè Fonksyònman: 8 a.m. jiska 8 p.m., sèt jou pa semèn jouk lè gen avi kontrè.

Marathon Park (Konte Monroe)
3911 Overseas Highway
Marathon, FL 33050
Orè Fonksyònman: 8 a.m. jiska 8 p.m., sèt jou pa semèn jouk lè gen avi kontrè.

Pandan plis sant yo ap louvri, sivivan yo ka chèche youn ki pi pre yo sou sitwèb https://www.fema.gov/disaster-recovery- centers oswa yo ka rele Liy Èd FEMA nan nimewo 800-621-3362, (TTY) 800-462-7585. Nimewo Liy Èd yo louvri depi 7 a.m. jiska 11 p.m., sèt jou pa semèn. Enfòmasyon sou DRC disponib tou sou Aplikasyon Mobil FEMA.

Pwosesis enskripsyon an se premye etap nan sekou a epi li egzije pou bay enfòmasyon tankou kontra asirans, ak enfòmasyon sou kont labank pou transfè posib lajan dirèk Nou ankouraje sivivan yo pou yo enskri anvan yo ale nan yon DCR.

Si ou gen telefòn oswa aksè nan entènèt, ou ka enskri nan youn nan fason sa yo:

  • Sou sitwèbDisasterAssistance.gov.
  • Rele Liy Èd FEMA Helpline nan nimewo 800-621-3362 pou pale, 711 ak Sèvis Relè nan Videyo (Video Relay Service ,VRS). Siou soud mal pou tande oswa si ou gen andikap pou paleepi ou itilize yon TTY, rele nimewo 800-462-7585. Enfòmasyon sou pwosesis enskripsyon an disponib nan ASL sou sitwèb: fema.gov/medialibrary/assets/videos/111546.
  • Gen èd ki disponib nan pifòlang yo.
  • Tele chajeAplikasyon Mobil FEMA epi aplike.

Ou ka gen lòt bezwen pandan ou ale nan yon DRC:

  • Si ou bezwen yon aranjman rezonab tankou entèpretasyon Langaj Siy Ameriken, Ekriti Bray, gwo lèt elatriye, ou ka rele nimewo Liy Èd la pou jwenn sipò nan nimewo800-621-3362.
  • Nou ofri tradiksyon lang nan Sèvis Entèpretasyon nan Telefòn 200lang.

Ekip k ap Ede Sivivan pou Katastwòf (Disaster Survivor Assistance ,DSA) ap fè sondaj nan zòn ki afekte yo epitou yo kapab enskri moun yo pou èd FEMA si sa nesesè. Gen Sèvis Entèpretasyon nan Telefòn ki disponib nan anpil lang pou ede sivivan yo avèk bezwen yo nan lang. Lè rezidan yo bezwen plis èd , ekip yo ka ba  yo referans pou yo ale nan yon DRC.

Si ou enskri deja, li pa nesesè pou ale nan yon DRC, men ou ka toujou vle pale avèk yon Espesyalis sekou pou modifye sitiyasyon ou oswa pou jwenn èd nan lòt òganizasyon yo.

Ou pa oblije ranbouse sibvansyon FEMA bay yo Ou pa peye taks sou èd FEMA epi li p ap afekte kalifikasyon ou pou avantaj Sekirite Sosyal, Medicaid oswa lòt avantaj federal.

Sivivan Yo ta dwe enskri menmsi yo gen asirans. FEMA pa kapab double peman asirans yo, men aplikan ki pa gen ase asirans yo ka resevwa èd apre yo resevwa peman pou reklamasyon yo.

Pou jwenn plis enfòmasyon sou sekou a, ale sou sitwèb fema.gov/hurricane-irma.

Pleasant Grove, Ala., May 21, 2011 -- A Disaster Recovery Center (DRC) opens in the community of Pleasant Grove after tornadoes struck the area. FEMA is present at the DRC for in person assistance with registration  and has many programs and support available to the individuals and business owners who were in the impacted areas.  Adam DuBrowa/ FEMA

###

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen ak premye repondè nou yo pou asire n ap travay ansanm antan yon peyi, pou devlope, sipòte ak amelyore kapasite nou pou prepare pou tout danje, bay pwoteksyon kont danje, bay repons pou danje yo, retabli nou apre yo, epitou minimize yo.

Gen asistans pou reparasyon apre katastwòf ki disponib san konsiderasyon ras, koulè, relijyon, si ou se fanm oswa gason, laj, andikap, konpetans nan lang Angle oswa sitiyasyon ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan nimewo 800-621-FEMA (3362). Pou TTY rele 800-462-7585.

Asistans lojman FEMA pou yon ti tan ak sibvansyon pou depans transpò piblik, depans pou swen medikal ak swen dantè, ak depans pou sèvis finerè ak antèman pa egzije moun pou yo aplike pou yon prè SBA.Men, aplikan ki resevwa aplikasyon SBA pou prete lajan dwe prezante aplikasyon yo ba ofisye kredi SBA pou yo kapab kalifye pou èd pou repare oswa ranplase pèsonèl,  veyikil, epitou pou yo fè depans pou chanje adrès yo ak pou depo.

Tags:
Dènye mizajou