Sant pou retablisman akoz katastwòf ap ouvri nan Casselberry

Release Date Release Number
DR-4337-FL NR 119
Release Date:
November 20, 2017

ORLANDO, Fla. – Yon sant pou retablisman akoz katastwòf (Disaster Recovery Center, DRC) nan  Casselberry ap ouvri madi 21 novanm pou ede sivivan siklòn yo nan Florid.                

Sant pou retablisman akoz katastwòf yo ofri sipò endividyèl pou moun ak pwopriyetè ti antrepriz. Espesyalis nan retablisman ki sot nan Ajans Federal pou Jesyon Kadijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA), Administrasyon Ti Antrepriz Ozetazini (U.S. Small Business Administration, SBA), ak leta Florid la disponib pou bay nenpòt moun asistans pou ranpli aplikasyon yo oswa mete estati yo ajou. Kèk òganizasyon volontè disponib epi yo ofri yon varyete sèvis pou ede sivivan yo retabli yo. Leta Florid pa ofri Food For Florida (SNAP/D-SNAP akoz katastwòf la) nan DRC yo.

W ap jwenn DRC a nan adrès ki vin aprè a:

Casselberry (Konte Seminole)
Jean Rhein Central Branch Library
215 N Oxford Rd.
Casselberry, FL 32707
Lè sèvis: Lendi jiska samdi 9:00 a.m. jiska 7:00 p.m.
Y ap fèmen jou Thanksgiving, jedi 23 novanm 2017

Sivivan yo ka lokalize yon DRC ki ouvri ki toupre yo nan https://www.fema.gov/disaster-recovery-centers oswar lè yo rele liy asistans FEMA a nan 800-621-3362, (TTY) 800-462-7585. Nimewo liy asistans yo ouvri apati 7 am jiska 11 p.m., sèt jou pa semèn. Enfòmasyon sou DRC a disponib tou sou FEMA App.

Pwosesis anrejistreman an se premye etap nan retablisman an epi sa mande pou bay enfòmasyon tankou polis asirans, ak enfòmasyon labank ou pou potansyèl transfè dirèk lajan. Nou ankouraje sivivan yo pou yo anrejistre anvan yo vizite yon DRC.

Administrasyon Ti Antrepriz Ozetazini (U.S. Small Business Administration, SBA) ofri lajan federal pou katastwòf  ou ka prete ak enterè ki ba pou pwopriyetè, lokatè ak biznis tout gwosè, SBA a se prensipal sous lajan gouvènman federal la pou rekonstriksyon alontèm pou pwopriyete ki domaje akoz katastwòf la.

Si w genyen yon telefòn epi/oswa aksè sou entènèt, ou ka anrejistre nan youn nan fason ki vin aprè yo:

  • Sou entènèt nan DisasterAssistance.gov.
  • Rele liy asistans FEMA nan 800-621-3362 pou vwa, 711 ak Video Relay Service (VRS). Si w soud, ou gen difikilte pou tande, oswa ou gen difikilte pou pale epi w itilize yon TTY, rele 800-462-7585. Enfòmasyon sou pwosesis anrejistreman an disponib nan lang siy ameriken (ASL) nan: fema.gov/medialibrary/assets/videos/111546.
  • Gen èd ki disponib nan pifò lang.
  • Telechaje FEMA App la epi aplike.

Ou ka genyen lòt bezwen pandan w ap vizite yon DRC:

  • Si w gen yon andikap epi ou bezwen yon akomodasyon rezonab, tanpri mande pou wè yon manadjè DRC a lè w rive. 
  • Nou ofri sèvis tradiksyon lang pa mwayen sèvis entèpretasyon telefonik nan 200 lang. 

Ekip asistans pou sivivan akoz katastwòf (Disaster Survivor Assistance, DSA) yo ap mache kay an kay nan zòn ki afekte yo epi yo kapab anrejistre sivivan yo pou asistans nan FEMA, si sa nesesè. Sèvis entèpretasyon telefonik disponib nan plizyè lang pou ede sivivan yo avèk bezwen yo genyen nan zafè lang. Lè rezidan yo bezwen plis asistans, ekip yo ka rekòmande yo pou yo ale nan yon DRC.

Si w deja anrejistre, li pa nesesè pou ale vizite yon DRC, men ou ka toujou vle pale avèk yon espesyalis nan retablisman pou mete estati w ajou oswa pou jwenn èd nan men lòt òganizasyon.

Ou pa bezwen repeye sibvansyon ou jwenn nan men FEMA. Ou pap peye taks sou asistans ou resevwa nan men FEMA epi sa pa pral afekte elijiblite w pou resevwa benefis Sekirite Sosyal, Medicaid oswa lòt benefis federal.

Sivivan yo ta dwe anrejistre menm si yo gen asirans. FEMA paka peye w pou depans asirans ou genyen an deja ap fè, men kandida ki pa gen ase asirans ka resevwa èd aprè asirans yo an fin regle reklamasyon yo a.

Pou plis enfòmasyon sou siklòn Irma ak retablisman nan Florid, vizite www.FEMA.gov/IrmaFL, kont Twitter @FEMARegion4, oswa sitwèb Florida Division of Emergency Management.

 

###

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou yo ak premye sekouris yo pou asire antanke yon nasyon nou travay ansam pou bati, mentni epi amelyore kapasite nou pou n prepare n pou tout danje, pwoteje kont tout danje, reponn a tout danje, rekipere de tout danje epi aleje tout danje.

Asistans pou retablisman akoz katastwòf  la disponib san nou pa gade sou ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, konpetans nan lang anglè oswa estati ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-FEMA (3362). Pou TTY rele 800-462-7585.

Asistans lojman tanporè FEMA a ak sibvansyon pou depans pou transpò piblik, depans medikal ak dantè, ak depans pou fineray ak antèman pa mande pou yon moun aplike pou prete lajan nan SBA. Sepandan, kandida ki resevwa aplikasyon pou prete lajan nan SBA dwe soumèt aplikasyon sa yo bay responsab kredi SBA yo pou yo ka elijib pou asistans ki kouvri pwopriyete pèsonèl, reparasyon machin oswa ranplasman machin, ak depans pou demenajman ak pou mete bagay nan depo.

Tags:
Dènye mizajou