Sant pou retablisman akoz katastwòf ouvri in Orlando

Release Date Release Number
R4 DR-4337-FL NR 039
Release Date:
October 3, 2017

ORLANDO, Fla. – Yon sant pou retablisman akoz katastwòf (Disaster Recovery Center, DRC) pral ouvri mèkredi 4 oktòb, nan Orlando pou ede sivivan siklòn yo nan Florid. DRC a pral ouvri apati 8 a.m. jiska 8 p.m. sèt jou pa semèn jiskaske yo fè konnen otreman.

Sant pou retablisman akoz katastwòf yo ofri sipò an pèsòn pou moun ak ti antrepriz yo. Espesyalis nan zafè retablisman nan Administrasyon Federal pou Jesyon Kadijans (Federal Emergency Management Administration,  FEMA), Administrasyon ti Antrepriz Ozetazini (U.S. Small Business Administration, SBA), ak eta a, disponib pou bay nenpòt moun asistans pou ranpli aplikasyon yo oswa mete estati yo ajou. Kèk òganizasyon volontè disponib epi yo ofri yon varyete sèvis pou ede sivivan yo retabli yo.

W ap jwenn DRC a nan adrès ki vin aprè a:

Orlando (Konte Orange)
Orange County Bank

2250 N. Orange Blossom Trail
Orlando, FL  32804
Lè sèvis: 8 a.m. jiska 8 p.m. sèt jou pa semèn jiskaske yo fè konnen otreman

Ofiramezi plis sant ouvri, sivivan yo ka chèche youn ki pre yo lè yo ale sou https://www.fema.gov/disaster-recovery- centers oswa lè yo rele liy asistans FEMA nan 800-621-3362, (TTY) 800-462-7585. Nimewo liy asistans yo ouvri apati 7 a.m. jiska 11 p.m., sèt jou pa semèn. Enfòmasyon sou DRC disponib tou sou FEMA Mobile App.   

Pwosesis anrejistreman an se premye etap nan rekiperasyon an epi sa mande pou bay enfòmasyon tankou polis asirans, ak enfòmasyon labank ou pou potansyèl transfè dirèk lajan. Nou ankouraje sivivan yo pou yo anrejistre anvan yo vizite yon DRC.

Si w genyen yon telefòn epi/oswa aksè sou entènèt, ou ka anrejistre nan youn nan fason ki vin aprè yo:

  • Sou entènèt nan DisasterAssistance.gov.
  • Rele liy asistans FEMA nan 800-621-3362 pou vwa, 711 ak Video Relay Service (VRS). Si w soud, ou gen difikilte pou tande, oswa ou gen difikilte pou pale epi w itilize yon TTY, rele 800-462-7585. Enfòmasyon sou pwosesis anrejistreman an disponib nan lang siy ameriken (ASL) nan: fema.gov/medialibrary/assets/videos/111546.
  • Gen èd ki disponib nan pifò lang.
  • Telechaje FEMA Mobile App la epi aplike.

Ou ka genyen lòt bezwen pandan w ap vizite yon DRC:

  • Si w bezwen akomodasyon ki rezonab tankou pou sèvis entèprèt nan lang siy ameriken (ASL), bray, enfòmasyon nan gwo karaktè, eksetera, ou ka rele nimewo liy asistans lan pou sipò nan 800-621-3362.
  • Nou ofri sèvis tradiksyon atravè entèpretasyon telefonik nan 200 lang.

Ekip asistans pou sivivan akoz yon katastwòf (Disaster Survivor Assistance, DSA) ap pase kay an kay nan zòn ki afekte yo epi yo kapab anrejistre sivivan yo pou asistans FEMA, si sa nesesè. Sèvis entèpretasyon telefonik disponib nan plizyè lang pou ede sivivan yo avèk bezwen yo genyen nan lang. Lè rezidan yo bezwen plis asistans, ekip yo ka refere yo pou yo al nan yon DRC.

Si w deja anrejistre, li pa nesesè pou vizite yon DRC, men ou ka toujou vle al pale avèk yon espesyalis pou retablisman pou mete estati w ajou oswa pou ede w jwenn èd nan men lòt òganizasyon.

Ou pa bezwen repeye lajan FEMA ba w yo. Ou pap peye taks sou asistans FEMA ba w epi sa pa pral afekte elijiblite w pou Sekirite Sosyal, Medicaid oswa lòt benefis federal.

Sivivan yo ta dwe anrejistre menm si yo gen asirans. FEMA paka ba w pèman asirans ou an deja ba w, men aplikan ki pa gen ase asirans yo ka resevwa èd aprè yo fin regle ka yo a.

Pou plis enfòmasyon sou retablisman, vizite fema.gov/hurricane-irma.

Hurricane Irma victims at the Bartow DRC.

###

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou yo ak premye sekouris yo pou asire antanke yon nasyon nou travay ansam pou bati, mentni epi amelyore kapasite nou pou n prepare n pou tout danje, pwoteje kont tout danje, reponn a tout danje, rekipere de tout danje epi aleje tout danje.

Asistans pou retablisman akoz katastwòf  la disponib san nou pa gade sou ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, konpetans nan lang anglè oswa estati ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-FEMA (3362). Pou TTY rele 800-462-7585.

Asistans lojman tanporè FEMA a ak sibvansyon pou depans pou transpò piblik, depans medikal ak dantè, ak depans pou fineray ak antèman pa mande pou yon moun aplike pou prete lajan nan SBA. Sepandan, kandida ki resevwa aplikasyon pou prete lajan nan SBA dwe soumèt aplikasyon sa yo bay responsab kredi SBA yo pou yo ka elijib pou asistans ki kouvri pwopriyete pèsonèl, reparasyon machin oswa ranplasman machin, ak depans pou demenajman ak pou mete bagay nan depo.

Tags:
Dènye mizajou