Dat limit pou Enskri pou. Èd FEMA Help ap rive nan Kèk Jou

Release Date Release Number
013
Release Date:
January 13, 2023

COLUMBIA, S.C.—Pwopriyetè Kay ak lokatè ki nan konte Charleston, Georgetown ak Horry counties ki te gen domaj nan kay yo apre Ouragan Iangen yon ti kantite jou ki rete pou yo enskri pou asistans lan.

Lendi k ap 23 janvye se dènye jou pou aplike pou asistans federal akòz katastwòf la.

Ou dwe enskri avèk FEMA pou ou ka resevwa sibvansyon federal yo akòz katastwòf menmsi ou te aplike avèk yon lòt ajans oswa òganizasyon.

Pou enskri pou asistans lan:

  • Ale sou sitwèbDisasterAssistance.gov
  • Sèvi ak FEMA mobile app
  • Rele Ling Asistans FEMA a nan 800-621-3362. Si w ap itilize yon sèvis relè videyo (VRS), sèvis telefòn soutitre oswa lòt, bay FEMA nimewo a pou sèvis sa a. Operatè Liy Èd yo pale anpil lang epi liy yo louvri depi 7 a.m. Jiska 11 p.m.chak jou. Peze 2 pou lang Panyòl. Peze 3 pou jwenn yon entèprèt ki pale lang ou.
  • Pou jwenn yon videyo k ap eksplike ou fason pou aplike, ale sou sitwèb youtube.com/watch?v=WZGpWI2RCNw

Asistans FEMA ka ede  ou avèk sibvansyon pou lojman pou yon ti tan ak reparasyon kay annijans pou fè kay ou vin solid, gen aksè fasil ak pwoteje. Ou ta dwe depoze yon reklamasyon avèk asirans pwopriyetè kay ou, asirans  lokatè ou, asirans kay-sou woulèt ou oswa asirans kondominyòm ou anvan ou aplike pou asistans FEMA . FEMA pa kapab double peman asirans yo. Men, ou ka resevwa asistans pou sa ou pèdi yo kit yo te asire kit yo pat asire.

Tags:
Dènye mizajou