Ekspè nan alèjman ofri konsèy pou rekonstwi nan Konte Charlotte ak Lee

Release Date Release Number
DR-4673-FL NR-073
Release Date:
December 29, 2022

BRANDON, Fla. – Pandan Floridyen yo ap rebati, sivivan Siklòn Ian yo ka jwenn konsèy gratis sou fason pou yo rekonstwi pi byen ak pi an sekirite kont tanpèt yo.

Espesyalis alèjman FEMA yo pral nan konte Charlotte ak Lee pou reponn kesyon epi ofri konsèy pou amelyorasyon kay gratis ak metòd fyab pou anpeche ak diminye domaj nan fiti katastwòf yo. Enfòmasyon sa a oryante pou travay fè-li-poukont ou ak kontraktè jeneral.

Alèjman se yon efò pou diminye pèt lavi ak domaj pwopriyete lè w diminye enpak yon dezas. Espesyalis FEMA yo ap disponib nan kote sa yo:

Home Depot

14655 S Tamiami Trail, Fort Myers, FL 33912 

 

Home Depot

19690 Cochrane Blvd, Port Charlotte, FL 33948

 

Orè pou tou de kote yo: 

Lendi – Samdi, 7 a.m. – 6 p.m.

Dimanch, 8 a.m. – 5 p.m.

 

Liy Alèjman FEMA a disponib pou sivivan ki enterese pale ak yon espesyalis mitigasyon sou pi byen rekonstwi. Sivivan yo ka rele 833-336-2487 lendi jiska vandredi soti 8 a.m. rive 6 p.m. ET.

Pwopriyetè kay ak lokatè ki nan konte Brevard, Charlotte, Collier, DeSoto, Flagler, Glades, Hardee, Hendry, Highlands, Hillsborough, Lake, Lee, Manatee, Monroe, Okeechobee, Orange, Osceola, Palm Beach, Pasco, Pinellas, Polk, Putnam, Sarasota. Konte, Seminole, St. Johns ak Volusia ka aplike pou asistans FEMA nan fason sa yo:

  • Vizite yon Sant Rekiperasyon Dezas. Pou jwenn yon sant tou pre a, vizite fema.gov/drc
  • Aplike sou Entènèt lè w vizite DisasterAssistance.gov
  • Sèvi ak aplikasyon mobil FEMA
  • Rele Liy Èd FEMA nan 800-621-3362. Liy telefòn lan disponib chak jou sòti 7 a.m. rive 11 p.m. ET. Èd la disponib nan pifò lang.

Pou jwenn dènye enfòmasyon sou rekiperasyon Florid apre Siklòn Ian, vizite floridadisaster.org/info and fema.gov/ht/disaster/4673. Swiv FEMA Region 4 (@femaregion4) / Twitter ak sou facebook.com/fema.

###

Tags:
Dènye mizajou