Nouvo Sant Rekiperasyon katastwò Ouvè nan Konte Brevard; Twa Sant ap fèmen

Release Date Release Number
DR-4673-FL NR-068
Release Date:
December 16, 2022

BRANDON, Fla. – Konte Brevard pral genyen yon nouvo sant rekiperasyon pou katastwòf ki chita nan Sant Agrikòl la nan Cocoa, Florida.

Sant sa ki nan 3695 Lake Drive, Cocoa FL, 32926 ap ouvri Dimanch 18 Desanm soti 9 a.m. rive 6 p.m. chak jou, eksepte ke li ap fèmen Dimanch 25 Desanm ak Dimanch 1ye Janvye.

Twa sant rekiperasyon pou katastwòf yo pral sispann fonksyonman yo Vandredi 16 Desanm a 6:00 p.m.

Sant sa yo se:

  • Konte Okeechobee - Okeechobee County Library, 206 SW 16th Street, Okeechobee, FL 34974
  • Konte Pinellas - Lealman Exchange, 5175 45th St N, St. Petersburg, FL  33714
  • Konte Brevard - Cuyler Park Community Center, 2331 Harry T. Moore Ave., Mims, FL 32754

Apre sant sa yo fèmen, sivivan ki te afekte nan siklòn Ian ka toujou enskri pou jwenn asistans, jwenn mizajou sou aplikasyon yo, aprann sou pwosesis kontestasyon an oswa tcheke estati aplikasyon yo nan fason sa yo:

Pou ou wè yon videyo ki aksesib sou fason pou ou aplike, vizite: Three Ways to Register for FEMA Disaster Assistance - YouTube.

Sant Rekiperasyon apre Katastwòf yo mete enfòmasyon ki sòti nan ajans eta Florida yo, nan FEMA epi nan U.S.Small Business Administration disponib pou sivivan katastwòf yo. Sivivan katastwòf yo kapab jwenn èd lè yo aplike pou asistans federal ak prè pou katastwòf, modifye aplikasyon yo epi jwenn enfòmasyon sou lòt resous ki disponib.

Pou jwenn dènye enfòmasyon sou rekiperasyon Florid apre Siklòn Ian, vizite floridadisaster.org/info and fema.gov/disaster/4673. Swiv FEMA Region 4 (@femaregion4) / Twitter ak sou facebook.com/fema.

###

Tags:
Dènye mizajou