Volusia County Approved for Direct Temporary Housing Assistance

Release Date Release Number
DR-4673-FL NR-065
Release Date:
December 8, 2022

BRANDON, Fla. – Konte Volusia kounye a apwouve pou Asistans Lojman Tanporè Dirèk FEMA pou sivivan Siklòn Ian yo.

Konte Charlotte, Collier, DeSoto, Hardee, Lee ak Sarasota se lòt konte ki deja apwouve pou Asistans Lojman Tanporè Dirèk la, ki bay opsyon pou sivivan elijib ke kay yo pa abitab akòz siklòn nan.

FEMA te detèmine ke asistans pou lokasyon yo pa ase pou satisfè bezwen lojman nan konte sa yo paske yo pa gen resous lojman ki disponib.

FEMA pral notifye sivivan ki elijib pou lojman dirèk yo. Li pral pran tan pou yo transpòte, bay pèmi, enstale ak enspekte inite sa yo anvan yo pare pou okipe.

Pwogram Lojman Dirèk la bay twa opsyon prensipal:

  • Lwaye ak Reparasyon pou plizyè fanmi, kote FEMA antre nan yon kontra lwaye ak pwopriyetè pwopriyete lwaye pou plizyè fanmi yo epi fè reparasyon pou bay aplikan yo lojman tanporè.
  • Inite Lojman Tanporè Transpòtabki en ladann trelè vwayaj oswa kay prefabrike. tankou yon trelè vwayaj oswa kay prefabrike
  • Lwaye dirèk, ki se lwe lojman ki deja egziste ki pare pou lokasyon.

Yo ka bay Asistans Lojman Tanporè Dirèk pou jiska 18 mwa apati 29 septanm 2022, dat deklarasyon federal katastwòf la, pou rive 28 mas 2024.

Asistans lojman tanporè dirèk pran anpil tan pou emplemante epi li pa yon solisyon imedya pou bezwen lojman pwovizwa ak alontèm yon sivivan. Anplis de sa, se pa tout moun ki afekte nan katastwòf la ki ap kalifye pou lojman dirèk. Li enpòtan pou patnè nan tout nivo – lokal, etatik, lòt federal, san bi likratif ak sektè prive – travay ansanm pou ranpli nenpòt twou vid.

Sivivan ki te aplike nan FEMA pou asistans pa bezwen re-aplike pou yo kalifye pou asistans lojman tanporè dirèk. Si ou poko aplike, ou ka aplike anliy sou DisasterAssistance.gov, itilize aplikasyon FEMA a pou telefòn entèlijan oswa rele 800-621-3362. Èd la disponib nan pifò lang. Si ou ap itilize yon sèvis relè, tankou sèvis relè videyo (VRS), sèvis telefòn ki gen soutit oswa lòt, bay FEMA nimewo pou sèvis sa a. Liy yo louvri soti 7 a.m. rive 11 p.m. sèt jou pa semèn. Dat limit aplikasyon an se 12 janvye 2023.

Pou jwenn dènye enfòmasyon sou rekiperasyon Florid apre Siklòn Ian, vizite floridadisaster.org/info and fema.gov/disaster/4673. Swiv FEMA Region 4 (@femaregion4) / Twitter ak sou facebook.com/fema.

###

Tags:
Dènye mizajou