FEMA pwolonje dat limit pou aplike pou Asistans Federal kont Dezas Siklòn Ian jiska 12 janvye

Release Date Release Number
DR-4673-FL NR-060
Release Date:
November 21, 2022

BRANDON, Fla. – Sou demann Eta Florid, sivivan Siklòn Ian ki te sibi domaj nan byen yo gen plis tan pou aplike pou asistans federal pou katastwòf lan.

FEMA pwolonje dat limit aplikasyon an jiska 12 janvye 2023, pou sivivan nan Brevard, Charlotte, Collier, DeSoto, Flagler, Glades, Hardee, Hendry, Highlands, Hillsborough, Lake, Lee, Manatee, Monroe, Okeechobee, Orange, Osceola, Palm Beach, Pasco, Pinellas, Polk, Putnam, Sarasota, Seminole, St. Johns ak Volusia counties.

Gen plizyè Sant Rekiperasyon Dezas k ap fonksyone nan tout zòn ki afekte yo. Pou jwenn yon sant ki toupre w, ale sou entènèt nan: DRC Locator oswa floridadisaster.org, oswa ekri DRC ansanm ak Kòd Postal ou a nan 43362.

Li pa nesesè pou vizite yon Sant Sekou pou Dezas pou aplike. Sivivan yo kapab ale sou sit entènèt disasterassistance.gov, itilize aplikasyon mobil FEMA a oswa rele nan 800-621-3362. Liy la louvri chak jou
soti 7 a.m. rive 11 p.m. Lè lès. Èd la disponib nan pifò lang. Si ou ap itilize yon sèvis relè, tankou relè videyo (VRS), telefòn ak soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo pou sèvis sa a. Pou ou wè yon videyo ki aksesib sou fason pou ou aplike, vizite: Three Ways to Register for FEMA Disaster Assistance - YouTube.

Si w gen asirans, yo ankouraje w pou w fè yon reklamasyon pou domaj lakay ou, pwopriyete pèsonèl ou ak machin ou anvan ou aplike pou asistans FEMA. FEMA pa kapab double lòt sous asistans ou te ka resevwa.

Pou jwenn dènye enfòmasyon sou rekiperasyon Florid apre Siklòn Ian, vizite floridadisaster.org/info and fema.gov/disaster/4673. Swiv FEMA Region 4(@femaregion4) / Twitter ak sou facebook.com/fema.

###

Misyon FEMA se ede moun anvan, pandan, ak apre yon katastwòf.

Tout asistans FEMA ap bay nan moman katastwòf yo ap fèt san diskriminasyon ki baze sou ras, koulè,
sèks (tankou asèlman seksyèl), oryantasyon seksyèl, relijyon, orijin nasyonal, laj, andikap, kapasite pou pale Anglè ki limite, sitiyasyon ekonomik. Si w kwè yo vyole dwa sivil ou yo, ou ka rele liy Resous Dwa Sivil la nan 833-285-7448.

Tags:
Dènye mizajou