Sant Rekiperasyon aprè Katastwòf ouvè nan Konte Collier

Release Date Release Number
057
Release Date:
November 15, 2022

BRANDON, Fla. – FEMA ak eta Florid ap ouvri twa nouvo Sant Rekiperasyon Dezas nan Konte Lee.

Eagle Lakes Community Park (Community Center Building)

11565 Tamiami Trail East
Naples, FL 34113
Orè: 8 a.m. pou 7 p.m. Lendi jiska Samdi

Sant Rekiperasyon apre Katastwòf yo mete enfòmasyon ki sòti nan ajans eta Florida yo, nan FEMA epi nan U.S.Small Business Administration disponib pou sivivan katastwòf yo. Sivivan katastwòf yo kapab jwenn èd lè yo aplike pou asistans federal ak prè pou katastwòf, modifye aplikasyon yo epi jwenn enfòmasyon sou lòt resous ki disponib.

Gen plizyè Sant Rekiperasyon apre Katastwòf k ap fonksyone nan tout zòn ki afekte a. Pou w jwenn yon sant ki toupre w, ale anliy sou: DRC Locator oswa floridadisaster.org, oswa ou ka voye tèks DRC ansanm ak Kòd Postal ou a nan 43362.

Li pa nesesè pou yon moun ale nan yon sant pou li aplike. Sivivan yo kapab ale sou sit entènèt disasterassistance.gov, itilize aplikasyon mobil FEMA a oswa rele 800-621-3362. Liy telefòn lan disponib chak jou sòti 7 a.m. rive 11 p.m. EST. Èd la disponib nan pifò lang. Si ou ap itilize yon sèvis relè, tankou relè videyo (VRS), telefòn ak soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo pou sèvis sa a. Pou ou wè yon videyo ki aksesib sou fason pou ou aplike, vizite: Three Ways to Register for FEMA Disaster Assistance - YouTube.

Sèvis entèpretasyon ak materyèl tradwi disponib nan sant sa yo pou ede w kominike nan lang ou santi w pi alèz la. Yo chwazi lokal Sant retabliman pou Katastwòf yo paske yo aksesib, nan objektif pou rive jwenn plis moun posib.

Anplis de sant yo, ekip Asistans pou Sivivan Katastwòf (DSA) FEMA yo ap chèche katye nan zòn ki afekte nan Siklòn Ian pou ede rezidan yo aplike pou asistans FEMA epi reponn kesyon sou asistans federal. Ekip DSA yo gen inifòm FEMA sou yo epi yo gen badj idantifikasyon federal ki gen foto yo ladan l. Sèvis sa a gratis.

Asistans Endividyèl FEMA a kapab ede nan depans tanporè pou lojman yo, ti reparasyon nan kay yo ak lòt bezwen esansyèl moun kapab genyen apre dezas.

Tags:
Dènye mizajou