Sant Rekiperasyon Apre Katastwòf Ouvri nan Konte Pinellas

Release Date Release Number
NR: 042
Release Date:
November 3, 2022

BRANDON, Fla. – eta Florida ak FEMA te ouvri plis Sant Retablisman apre Katastwòf (DRC) nan Konte Pinellas. Men adrès la:

KONTE PINELLAS

Lealman Exchange Community Center

5175 45th St. N.

St. Petersburg, FL 33714

Orè: 8 a.m. a 7 p.m. chak jou

Sant Rekiperasyon apre Katastwòf yo mete enfòmasyon ki sòti nan ajans eta Florida yo, nan FEMA epi nan U.S. Small Business Administration disponib pou sivivan katastwòf yo. Sivivan katastwòf yo kapab jwenn èd lè yo aplike pou asistans federal ak prè pou katastwòf, modifye aplikasyon yo epi jwenn enfòmasyon sou lòt resous ki disponib.

Gen anpil sant rekiperasyon dezas kap travay nan provens Floride yo ki t frape anba katastwof la. Pou ou jwenn yon sant ki tou pre w, ale anliy sou: DRC Locator oswa floridadisaster.org, oswa ou ka voye tèks DRC ansanm ak kòd postal ou a nan 43362.

Kounye a, tout sant yo ap fonksyone sèt jou pa semèn, lè yo ka varye. Pa gen randevou nesesè pou ou
jwenn asistans.

Li pa nesesè pou yon moun ale nan yon sant pou li aplike. Moun ki sinistre yo kapab ale sou sit entènèt disasterassistance.gov, itilize aplikasyon mobil FEMA a oswa rele 800-621-3362. Liy telefòn lan disponib chak jou sòti 7 a.m. rive 11 p.m. Lè nan Lès. Èd la disponib nan pifò lang. Si ou ap itilize yon sèvis relè, tankou relè videyo (VRS), telefòn ak soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo pou sèvis sa a. Pou wè yon videyo ki aksesib sou fason pou aplike, vizite: Three Ways to Register for FEMA Disaster Assistance - YouTube.

Sèvis entèpretasyon ak materyèl tradwi disponib nan sant sa yo pou ede w kominike nan lang ou santi w pi alèz la. Yo chwazi lokal Sant retabliman pou Katastwòf yo paske yo aksesib, nan objektif pou rive jwenn plis moun posib.

Mete sou sant yo, ekip FEMA Disaster Survivor Assistance, DSA (Asistans FEMA pou Sivivan Katastwòf) yo ap mache nan tout katye ki anndan zòn Siklòn Ian te frape pi plis yo pou ede moun ki rete la yo aplike pou aistans FEMA a epi reponn kesyon yo kapab genyen sou asistans federal. Ekip DSA yo gen inifòm FEMA sou yo epi yo gen badj idantifikasyon federal ki gen foto yo ladan l. Sèvis sa a gratis.

 

Asistans Endividyèl FEMA a kapab ede nan depans tanporè pou lojman yo, ti reparasyon nan kay yo ak lòt bezwen esansyèl moun kapab genyen apre dezas.

Tags:
Dènye mizajou