Sant Rekiperasyon apre Katastwòf ki ouvè nan Konte Pasco

Release Date Release Number
040
Release Date:
October 30, 2022

BRANDON, Fla.Eta Florid ak FEMA ouvri yon Sant Rekiperasyon apre Katastwòf (DRC) adisyonèl nan Konte Pasco. Men adrès la:

KONTE PASCO

Mike Fasano Regional Hurricane Shelter

11611 Denton Ave.

Hudson, FL 34667

Orè: 8 a.m. a 7 p.m. chak jou

 

Sant Rekiperasyon apre Katastwòf yo mete enfòmasyon ki sòti nan ajans eta Florida yo, nan FEMA epi nan U.S. Small Business Administration disponib pou sivivan katastwòf yo. Sivivan katastwòf yo kapab jwenn èd lè yo aplike pou asistans federal ak prè pou katastwòf, modifye aplikasyon yo epi jwenn enfòmasyon sou lòt resous ki disponib.

Gen anpil sant rekiperasyon dezas kap travay nan provens Floride yo ki t frape anba katastwof la. Pou ou jwenn yon sant ki tou pre w, ale anliy sou: DRC Locator oswa floridadisaster.org, oswa ou ka voye tèks DRC ansanm ak kòd postal ou a nan 43362.

 

Kounye a, tout sant yo ap fonksyone sèt jou pa semèn, lè yo ouvè ka varye men yo ekri sou Entènèt. Pa gen randevou nesesè pou ou jwenn asistans.

Li pa nesesè pou yon moun ale nan yon sant pou li aplike. Sivivan yo ka ale anliy sou disasterassistance.gov, sèvi ak aplikasyon mobil FEMA a oswa rele Liy Èd FEMA a nan 800-621-3362. Liy telefòn lan disponib chak jou sòti 7 a.m. rive 11 p.m. Lè nan Lès. Èd la disponib nan pifò lang. Si ou ap itilize yon sèvis relè, tankou relè videyo (VRS), telefòn ak soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo pou sèvis sa a. Pou wè yon videyo ki aksesib sou fason pou aplike, vizite: Twa Fason pou Enskri pou Asistans FEMA pou Katastwòf - YouTube.

Sèvis entèpretasyon ak materyèl tradwi disponib nan sant sa yo pou ede w kominike nan lang ou santi w pi alèz la. Yo chwazi lokal Sant retabliman pou Katastwòf yo paske yo aksesib, nan objektif pou rive jwenn plis moun posib.

Mete sou sant yo, ekip FEMA Disaster Survivor Assistance, DSA (Asistans FEMA pou Sivivan Katastwòf) yo ap mache nan tout katye ki anndan zòn Siklòn Ian te frape pi plis yo pou ede moun ki rete la yo aplike pou aistans FEMA a epi reponn kesyon yo kapab genyen sou asistans federal. Ekip DSA yo gen inifòm FEMA sou yo epi yo gen badj idantifikasyon federal ki gen foto yo ladan l. Sèvis sa a gratis.

FEMA ka ede nan depans pou lojman tanporè, reparasyon debaz nan kay ak lòt bezwen esansyèl ki gen rapò ak katastwòf.

Tags:
Dènye mizajou