Ouvèti yon Sant Rekiperasyon aprè Katastròf nan Konte Putnam

Release Date Release Number
032
Release Date:
October 27, 2022

BRANDON, FLA. – Eta Florid ak FEMA ouvri yon Sant adisyonèl pou Rekiperasyon aprè Dezas (DRC) nan Konte Putnam.

KONTE PUTNAM

Putnam County Fairgrounds, 117 Yelvington Road, East Palatka, FL 32131

Orè: 8 a.m. a 7 p.m. chak jou.

 

Sant Rekiperasyon apre Katastwòf yo mete enfòmasyon ki sòti nan ajans eta Florida yo, nan FEMA epi nan U.S. Small Business Administration disponib pou sivivan katastwòf yo. Sivivan katastwòf yo kapab jwenn èd lè yo aplike pou asistans federal ak prè pou katastwòf, modifye aplikasyon yo epi jwenn enfòmasyon sou lòt resous ki disponib.

Gen plizyè Sant Rekiperasyon apre Katastròf k ap fonksyone nan tout zòn ki afekte a. Pou jwenn yon sant ki toupre w, ale sou Entènè sous: DRC Locator oswa floridadisaster.org, oswa voye tèks DRC ansanm ak kòd postal ou a nan 43362.

Kounye a, tout sant yo ap fonksyone sèt jou pa semèn e pa gen okenn randevou ki nesesè pou ou jwenn asistans.

Li pa nesesè pou yon moun ale nan yon sant pou li aplike. Sivivan yo ka ale sou Entènèt sou disasterassistance.gov, sèvi ak aplikasyon mobil FEMA a oswa rele Liy Èd FEMA nan 800-621-3362. Liy telefòn lan disponib chak jou sòti 7 a.m. rive 11 p.m. Lè nan Lès. Èd la disponib nan pifò lang. Si ou ap itilize yon sèvis relè, tankou relè videyo (VRS), telefòn ak soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo pou sèvis sa a. Pou wè yon videyo ki aksesib sou fason pou aplike, vizite: Twa Fason pou Enskri pou Asistans FEMA pou Katastwòf - YouTube.

Sèvis entèpretasyon ak materyèl tradwi disponib nan sant sa yo pou ede w kominike nan lang ou santi w pi alèz la. Yo chwazi lokal Sant retabliman pou Katastwòf yo paske yo aksesib, nan objektif pou rive jwenn plis moun posib.

Anplis de sant yo, ekip FEMA yo pou Asistans pou Sivivan Katastwòf yo (DSA) ap mache nan katye nan zòn ki afekte pa Siklòn Ian pou ede rezidan yo aplike pou asistans FEMA epi reponn nenpòt kesyon yo ka genyen. Ekip DSA yo gen inifòm FEMA sou yo epi yo gen badj idantifikasyon federal ki gen foto yo ladan l. Sèvis sa a gratis.

FEMA ka ede nan depans pou lojman tanporè, reparasyon debaz nan kay ak lòt bezwen esansyèl ki gen rapò ak katastwòf.

Tags:
Dènye mizajou