Kominike pou Laprès: FEMA Bezwen Enfòmasyon pou Kontakte ou

Release Date Release Number
25
Release Date:
October 15, 2022

TALLAHASSEE - Sivivan Florida ki te aplike ou asistans FEMA apre Siklòn Ian yo bezwen bay enfòmasyon ajou pou kontatke yo pou garanti pwosesis evalyasyon aplikasyon an kontinye vanse.

Li enpòtan pou mete FEMA okouran nenpòt chanjman nan sitiyasyon ou, sitou sitiyasyon lojman ou. Ou dwe mete FEMA okouran chanjman nan asirans, nimewo telefòn ou, ak enfòmasyon pou kontatke ou kou sa posib epi mezi fwa li nesesè. FEMA ka bezwen kontakte ou. Si ou gen enfòmasyon ki manke oswa ki pa kòrèke, sa ka lakoz gen yonr reta pou w jwenn asistsans. Lè w ap kontakte FEMA, mete nimewo nèf (9) chif yo ba ou lè ou te aplike pou premye fwa a tou pre ou.

Pou mete enfòmasyon ou ajou, ou ka rele 800-621-3362 ant 7 a.m. ak 11 p.m. oswa ale nan yon Sante Retablisman pou Dezas. Pou jwenn yon sant ki tou pre ou tès “DRC” ak kòd postal ou bay 43362 oswa ale sou fema.gov/drc.

Pou jwenn plis enfòmasyon sou rekiperasyon apre pasaj Siklòn Ian nan Florida, ale sou floridadisaster.org/info ak fema.gov/disaster/4673. Suiv FEMA sou Twitter sou FEMA Region 4 (@femaregion4) / Twitter epi sou facebook.com/fema.

###

Misyon FEMA se ede moun anvan, pandan, ak apre yon katastwòf.

Tout asistans FEMA ap bay nan moman katastwòf yo ap fèt san diskriminasyon ki baze sou ras, koulè, sèks (asèlman seksyèl tou), oryantasyon seksyèl, relijyon, orijin nasyonal, laj, andikap, kapasite pou plae Anglè ki limite, sitiyasyon ekonomik. Si ou kwè yo te rive vyole dwa sivil ou yo, ou kapab rele liy Resous Dwa Sivil
(Civil Rights Resource line) la nan 833-285-7448.

Tags:
Dènye mizajou