FEMA Pibliye yon Avi Piblik pou Florida

Release Date Release Number
021
Release Date:
October 12, 2022

TALLAHASSEE – Yo pibliye yon avi piblik sou sitwèb FEMA a ki dekri asistans FEMA bay ki disponib ansanm ak aksyon yo pwopoze FEMA finanse, tankou aktivite ki ka afekte pwopriyete istorik yo, espès ki menase epi ki sou wout pou disparèt, abitasyon ki enpòtan, oswa zòn marekaj ak plèn ki ka inonde nan Florida.

Lalwa egzije FEMA pou l enfòme piblik la sou entansyon li genyen pou l bay asistans federal ak opòtinite sibvansyon atravè pwogram Asistans Piblik ak pwogram Sibvansyon pou Diminye Risk yo.

Avi piblik la pale sou entansyon FEMA genyen pou ranbouse kandida ki kalifye pou depans ki gen rapò ak reparasyon ak ranplasman enstalasyon Siklòn nan te kraze nan konte yo chwazi yo.

Avi piblik la pibliye nan: 4673-DR-FL-Public Notice 001 | FEMA.gov.

Avi a se kapab sèl avi piblik yo bay konsènan aksyon sa yo nan FEMA. Yo ta dwe voye kesyon yo bay FEMA Rejyon
4 EHP nan 3005 Chamblee Tucker Rd., Atlanta, GA 30341 oswa nan imèl nan FEMA-R4EHP-FLORIDA@fema.dhs.gov, nan 30 jou apre avi sa a. Kòmantè yo ta dwe gen pou objè "DR 4673-FL EHAD".

Tags:
Dènye mizajou