Konte Palm Beach la Kalifye pou Asistans Endividyèl FEMA a

Release Date Release Number
012
Release Date:
October 8, 2022

TALLAHASSEE – Pwopriyetè kay yo ak lokatè nan Konte Palm Beach Siklòn Ian te gen yon enpak sou yo kapab aplike pou asistans katastwòf natirèl FEMA a.

Gen twa fason pou aplike:1) DisasterAssistance.gov, 2) Telechaje Aplikasyon FEMA a aparèy mobil yo, 3) rele gratis nan 800-621-3362. Liy telefòn lan disponib sòti 7 a.m. rive 11 p.m. chak jou. Èd la disponib nan plizyè lang.
Si n ap itilize yon sèvis relè, tankou yon relè videyo (Video Relay Service, VRS), sèvis telefòn ki soutitre oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo sèvis sa a.

Aplikan yo ap bezwen bay enfòmasyon sa yo:

  • Yon nimewo telefòn n ap sèvi ak li pou yo rive kontakte nou
  • Adrès nou rete ladan l nan moman katastwòf la rive a ansanm ak adrès nou rete ladan l kounye a.
  • Nimewo Sekirite Sosyal nou
  • Yon lis jeneral bagay ki kraze ak sa n pèdi yo
  • Enfòmasyon labank si nou chwazi depo dirèk
  • Si nou gen asirans, nimewo polis asirans lan oswa non ajan ak/oswa non konpayi asirans lan

Si nou gen asirans pou pwopriyetè, asirans lokatè oswa asirans nan kad inondasyon, nou dwe depoze yon reklamasyon tousuit. FEMA pa kapab bay benefis anplis pou bagay ki pèdi ki anba yon kouvèti asirans. Si polis asirans nou a pa kouvri tout depans ki gen pou wè ak sitiyasyon katastwòf la, nou kapab vin kalifye pou
asistans federal.

Asistans pou sitiyasyon katastwòf la kapab genyen ladan li èd finansye ki vin ansanm ak lojman tanporè epi reparasyon nan kay, ansanm ak lòt depans ki gen pou wè ak moman katastwòf la.

Pou nou kapab jwenn yon videyo ki disponib pou tout moun epi ki pale sou kijan pou aplike pou asistans, ale sou youtube.com/watch?v=WZGpWI2RCNw.

Tags:
Dènye mizajou