Konprann Lèt FEMA w la

Release Date Release Number
NR 006
Release Date:
October 4, 2022

TALLAHASSEE – Sivivan Siklòn  Ian ki te aplike pou asistans nan FEMA pral resevwa yon lèt pa lapòs oswa pa imèl nan men FEMA.

Lèt la pral eksplike estati aplikasyon w lan ak kijan pou reponn. Li enpòtan pou w li lèt la avèk atansyon paske li pral gen ladan l montan pou kèlkeswa asistans FEMA gendwa bay ak enfòmasyon sou itilizasyon apwopriye fon asistans pou dezas la.

Kandida yo gendwa bezwen soumèt enfòmasyon anplis oswa dokiman sipò pou FEMA pou kontinye pwosesis aplikasyon pou asistans finansye a. Kèk egzanp dokiman ki manke, ka genyen:

  • Prèv pwoteksyon asirans
  • Antant reklamasyon asirans oswa refi founisè asirans
  • Prèv idantite
  • Prèv okipasyon
  • Prèv pwopriyete
  • Prèv ke pwopriyete ki domaje a se te rezidans prensipal aplikan an lè dezas la te fèt la

Si w genyen kesyon sou lèt ou a, rele ling ijans asistans dezas la nan 800-621-3362 pou jwenn ki enfòmasyon FEMA bezwen.

Yon enspeksyon FEMA gendwa nesesè pou detèmine si wi ou non yon kay san danje, sanitè, aksesib ak fonksyonèl. FEMA konsidere faktè ki annapre yo nan yon enspeksyon kay:

  • Chofaj, vantilasyon, ak sistèm klimatizasyon an (HVAC).
  • Aksè ak evakyasyon, ki genyen ladann wout prive, pon prive, ak
    kè prive.
  • Blokaj, aplanisman, ak ankraj yon kay mobil, ak rekoneksyon oswa re-inisyalizasyon egou, dlo, elektrisite, luil, ak ling gaz ak tank li.
  • Pati eksteryè kay la gen yon estrikti ki san danje, pòt yo, twati a ak fenèt yo, ladan tou.
  • Sistèm elektrisite, gaz, chofaj, plonbri ak sistèm egou ak sistèm septik yo fonksyone kòmsadwa.
  • Pati enteryè kay la ki abitab yo gen estrikti ki san danje, ikonpri plafon ak planche yo.
  • Kay la kapab fonksyone kòmsadwa.
  • Gen aksè fasil san danje pou antre ak soti nan kay la.

Asistans FEMA pa menm ak asirans. Asistans FEMA sèlman bay fon pou travay bazik pou rann yon kay abitab, ki genyen ladann atik tankou twalèt, twati, sèvis piblik esansyèl, fenèt ak pòt.

Kontestasyon Desizyon FEMA

Aplikan ki pa dakò ak desizyon FEMA a, oswa ki pa dakò ak montan asistans lan, ka soumèt yon lèt kontestasyon ak dokiman ki pou sipòte deklarasyon yo a, tankou yon estimasyon yon kontraktè bay pou reparasyon kay.

FEMA pa kapab double asistans yon lòt sous, tankou règleman asirans, bay la. Sepandan, moun ki pa gen ase pwoteksyon asirans ka resevwa plis asistans pou bezwen ki pa satisfè yo apre reklamasyon asirans yo fin regle; pou fè sa se pou soumèt règleman asirans lan oswa dokiman refi yo bay FEMA. FEMA pa bay asistans pou dediktib asirans.

Kontestasyon yo dwe fèt alekri. Nan yon lèt ou siyen ak date, esplike rezon (yo) pou kontestasyon an. Lèt la dwe gen ladan l:

  • Non konplè aplikan an
  • Nimewo dezas la (DR-4673 pou Florid)
  • Adrès rezidans prensipal anvan dezas la
  • Nimewo telefòn ak adrès aktyèl aplikan an
  • Nimewo aplikasyon FEMA sou tout dokiman yo

Si yon moun ki pa yon aplikan oswa ki pa yon ko-aplikan ekri lèt kontestasyon an, moun sa a dwe siyen l epi soumèt bay FEMA yon deklarasyon ekri ki otorize moun sa a aji onon aplikan an.

Lèt yo dwe gen so postal ki gen yon dat ki tonbe nan limit 60 jou apatide dat lèt detèminasyon an. Ou ka soumèt lèt kontestasyon yo ak dokiman sipò yo bay FEMA atravè faks oswa pa lapòs oswa atravè yon kont FEMA sou entènèt. Pou kreye yon kont sou entènèt, vizite DisasterAssistance.gov, klike sou “Aplike sou Entènèt (Apply Online)” epi swiv direksyon yo.

Pa Lapòs: Sant Sèvis Tretman Nasyonal FEMA, P.O. Box 10055, Hyattsville MD 20782-7055

Pa faks: 800-827-8112 Attention: FEMA

Pou yon videyo aksesib sou kòman pou w aplike pou asistans ale sou, youtube.com/watch?v=WZGpWI2RCNw.

Pou enfòmasyon rekiperasyon de Siklòn Ian, vizite floridadisaster.org/info ak fema.gov/disaster/4673. Swiv FEMA sou Twitter sou FEMA Region 4 (@femaregion4) / Twitter epi sou facebook.com/fema.

Tags:
Dènye mizajou