Sant Rekiperasyon pou Katastwòf ki Luling lan gen pou fèmen nèt 21 Janvye

Release Date Release Number
NR-047
Release Date:
January 14, 2022

BATON ROUGE, La. – La Sant Rekiperasyon Dezas FEMA nan Parking Sant Kominotè Edward Dufresne lan, ki chita nan 274 Judge Edward Dufresne Parkway pral fèmen nèt a 6 p.m. vandredi 21 janvye.

Rezidan nan tout pawas ki afekte nan siklòn Ida yo ka kontinye vizite yon kantite lòt sant rekiperasyon ki louvri nan Louisiana.Pou ou lokalize yon sant, ale nan aplikasyon FEMA oswa vizitewww.FEMA.gov/DRC  oswa rele liy asistans FEMA a nan 800-621-3362.

 Tout sant DRC yo ap pran prekosyon pou COVID-19. Nou mande pou tout vizitè, anplwaye ak volontè mete mask.

Sivivan yo pa bezwen yon randevou pou rankontre fas a fas ak espesyalis FEMA nan Luling jiskaske sant la fèmen.

Tags:
Dènye mizajou