Sant Rekiperasyon pou Katastwòf ki nan Houma ak Garyville yo ap Fèmen pou toutan 22 desanm

Release Date Release Number
NR-037
Release Date:
December 17, 2021

BATON ROUGE, La. – Sant Rekiperasyon pou Katastwòf ki nan Houma ak Garyville yo pwograme pou yo fèmen nèt ale mèkredi 22 desanm.

Rezidan nan tout pawas ki afekte nan siklòn Ida yo ka kontinye vizite yon kantite lòt sant ki louvri nan Louisiana. Pou ou lokalize yon sant, ale nan aplikasyon FEMA oswa vizite www.FEMA.gov/DRC. Tout sant yo ap pran prekosyon pou COVID-19. Anplwaye, volontè ak sivivan yo dwe toujou mete mask. 

Sivivan yo ka rankontre fas a fas ak espesyalis FEMA yo nan sant sa yo jiskaske yo fèmen nèt nan dat 22 desanm:

Houma-Terrebonne Civic Center

346 Civic Center Blvd.

Houma, LA 70360

  • Ap fèmen a 6 p.m.

Pakin Bibliyotèk Garyville

111 Historic Front St.

Garyville, LA 70051

  • Ap fèmen a 5 p.m.
Tags:
Dènye mizajou