Atansyon ak Eskwokri epi Fwod pandan Sezon Fèt la

Release Date Release Number
NR-039
Release Date:
December 17, 2021

BATON ROUGE, La. – Pa kite fwod oubyen eskwokri pandan sezon fèt vòlè lajwa nan kè w. Fè atansyon ak eskwo ak kriminèl ki ap eseye fè kòb ak volè enfòmasyon pèsonèl yo gras ak fwod, tantativ vòl ak vòl idantite. Gen ladan yo ki ka parèt tankou yo se anplwaye federal nan katastwòf.

Si yon moun parèt sou ou kòm anplwaye FEMA, toujou mande pou w wè badj yo. Tout reprezantan FEMA yo genyen yon kat identifikasyon ak foto. Yon mayo oswa vès FEMA pa prèv idantifikasyon.

Reprezantan FEMA yo pa mande sivivan katastwòf kòb oubyen lajan pou okenn sèvis. Yo pa mande enfòmasyon pandan yon apèl telefòn ou pa t mande oubyen pa imel. FEMA p ap janm kontakte w si ou pa te rele li anvan oswa mande èd.

Reprezantan FEMA yo pral mande w nimewo sekirite sosyal ou ak kont bankè w pandan w enskri pou w resevwa asitans epi yo ka mande yo ankò lè ou fin enskri. Fè pridans lè yo mande w enfòmasyon sa yo ak lòt yo mande w. Eskwo yo kapab pase tèt yo tankou anplwaye gouvènman an, travayè imanitè oswa ajan konpanyi asirans.

Lòt kalite fwod ou ka sibi apre yon katastwòf: 

  • Fo enspeksyon pwopriyete ak enspektè ki parèt ilegal: Enspektè FEMA yo p ap janm mande w nimewo enskripsyon w. Pa gen okenn responsab èd gouvènman lè gen katastwòf ki pral rele ou pou mande w enfòmasyon sou kont labank ou. Si ou gen dout sou yon ajan legal nan FEMA, fèmen epi rele sant èd FEMA nan 800-621-3362 pou rapòte sitiyasyon an.
  • Fo Kontraktè konstriksyon: FEMA pa angaje oswa rekòmande yon kontraktè espesifik pou ranje kay oswa rekòmande reparasyon. Travay enspektè FEMA se pou verifye dega ki fèt nan kay la. Toujou rele yon enjenyè, achitèk oswa yon ajan konstriksyon ki gen non pou verifye kay ou. Yon antreprenè ki pa gen etik ka kreye pwoblèm pou li jwenn kontra.

Pou denonse eskwo, fwod ak vòl idantite kontakte nan: Liy Dirèk gratis FEMA kont Fwod Lè Gen Katastwòf nan 866-720-5721; Biwo Pwokirè Jeneral Seksyon Pwoteksyon Konsomatè a, P.O. Box 94005, Baton Rouge, LA 70804-9005, faks: 225-326-6499; Konsèy Lisans Eta Lwizyàn pou kontraktè nan https://arlspublic.lslbc.louisiana.gov/Home/Index; oswa ajans lokal fòs delòd yo.

Tags:
Dènye mizajou