Dat limit pou Aplikasyon FEMA, SBA yo ap apwoche

Release Date Release Number
006
Release Date:
Desanm 8, 2021

PEARL, Miss. – Pwopriyetè kay Mississippi, lokatè, pwopriyetè biznis ak òganizasyon non-pwofi yo nan konte Amite, Hancock, Harrison, Jackson, Pearl River, Pike, Walthall ak Wilkinson ki te gen kay andomaje oswa lòt pèt ki pa asire akoz siklòn Ida gen mwens pase de semèn ki rete pou yo aplike pou asistans katastwòf federal.

Dènye delè a se 22 Desanm.

Si ou abite nan youn nan wit konte ki enkli yo nan Gwo Deklarasyon Katastwòf pou Asistans Endividyèl, ou ka aplike pou èd, mete enfòmasyon kontak ou ajou, mande kesyon sou yon lèt ki soti nan FEMA, jwenn enfòmasyon sou enspeksyon kay FEMA, oswa aprann kijan pou konteste yon desizyon FEMA lè ou:

  • Vizite DisasterAssistance.gov, rele 800-621-3362 oswa itilize  aplikasyon mobil  FEMA  Si ou itilize yon sèvis relè, tankou sèvis relè videyo (VRS), sèvis telefòn sou-titre oswa lòt, bay FEMA nimewo pou sèvis sa. Operatè ki pale plizyè lang yo soup las sèt jou pa semèm apati 6 a.m. pou rive 10 p.m. CST.

Ou ta dwe gen enfòmasyon ki annaprè yo disponib pou aplike:  

  • Adrès kay prensipal kote domaj la te rive;
  • Adrès posptal aktyèl ou an, nimewo telefòn ak nimewo Sekirite Sosyal;
  • Enfòmasyon asirans ou;
  • Revni anyèl total kay la;
  • Nimewo woutaj ak kont labank pou kont chèk oswa epay pou depo dirèk; ak
  • Yon deskripsyon sou domaj ak pèt katastwòf la.

Aplikan yo ta dwe mansyone nenpòt bezwen pou aksè oswa fonksyon yo te kapab genyen lè wap aplike. FEMA ka bay American Sign Language ak entèprèt plizyè lang, sou-titraj an tan reyèl ak enfòmasyon nan lòt fòma tankou Bray, gwo karaktè, vèsyon elektwonik ak odyo.  Ajans lan bay tou sèvis gratis pou ede sivivan yo kominike avèk anplwaye li yo epi konprann pwogram FEMA yo.

Administrasyon U.S. Small Business ofri prè pou katastwòf a fèb enterè pou pwopriyetè kay, lokatè, biznis nenpòt gwosè ak òganizasyon non-pwofi prive yo, enkli kay adorasyon pou repare/ranplase byen imobilye ki detwi oswa domaje, machinri ak ekipman, envantè ak lòt byen yo.

Aplike pou yon prè SBA anliy nan https://disasterloan.sba.gov/ela oswa rele SBA nan (800) 659-2955. Moun ki soud yo oswa ki gen difikilte pou tande ka rele (800) 877-8339. Delè limit sa tou se 22 Desanm.

Pou w jwenn dènye efò rekiperasyon apre siklòn Ida, tanpri vizite www.fema.gov/disaster/4626. Swiv nou sou  Twitter nan twitter.com/femaregion4 ak www.facebook.com/fema.

Tags:
Dènye Mizajou