FEMA ap Bay Travay - Rejwenn Ekip pou Retablisman Apre Siklòn Ida a

Release Date Release Number
NR-032
Release Date:
December 2, 2021

BATON ROUGE, La. – Ajans Federal Jesyon Ijans lan (FEMA) gen yon bezwen ijan pou anplwaye rezidan Louisiana antanke anplwaye lokal pwovizwa pou ede nan repons pou katastwòf la ak efò pou rekiperasyon yo. Anplwaye lokal yo se rezidan lokal k ap ede nan retablisman kominote a epi k ap ede frè sitwayen yo nan pwosesis retablisman an. Aplike pou bèl opòtinite sa a!

Èske ou renmen travay deyò kote ou gen responsablite pou ou rasire ou materyèl yo rive kote yo bezwen yo? Èske ou renmen rasire ou si y ap ekzekite pwojè travay yo dapre demann yo? Petèt ou prefere travay biwo tankou kote w ap rasire ou si rezidan yo jwenn èd. Genyen plizyè travay nan konpetans ou ki disponib, pou ede ak bezwen rekiperasyon kominote a, sitou nan Baton Rouge.

Chèche soucurrent FEMA positions on USAJobs.gov (aktyalize chak jou).

Pifò anbochaj tanporè lokal yo ap travay atravè yon pwosesis anbochaj senplifye. Kondisyon travay lokal travay la se 120 jou, menm si li ka pwolonje 120 jou alafwa. Ale sou lyen ki anwo a pou plis enfòmasyon, ansanm avèk responsablite travay ak konpansasyon.

FEMA se yon anplwayè ki bay tout moun menm opòtinite travay. Salè yo konparab ak pousantaj peman lokal yo.

Kondisyon Travay:

  • Ou dwe yon sitwayen ameriken pou yo konsidere ou pou pozisyon sa a.
  • Ou dwe pase yon verifikasyon dosye kriminèl.
  • Enskripsyon Sèvis Selektif obligatwa pou gason ki fèt apre 31 desanm 1959.
  • Gade anons travay yo ankò pou ou wè lòt kondisyon travay yo.

 

Pou wè lòt afich travay FEMA, vizite fema.gov/careers.

Tags:
Dènye mizajou