Kisa n ap atann de enspeksyon adomisil FEMA yo

Release Date Release Number
NR-005
Release Date:
November 15, 2021

PEARL Miss. – Moun ak fanmi k ap viv nan konte Amite, Hancock, Harrison, Jackson, Pearl River, Pike, Walthall ak Wilkinson Ouragan Ida a te touche soti 28 out rive 1ye septanm 2021 epi ki te aplike pou asistans federal ta dwe fè yo enspekte kay yo pou verifye pèt yo.

Si ou deja kòmanse reparasyon ak ranplasman yo, ou dwe jistifye domaj yo atravè foto/videyo. Ou dwe konsève tout resi sa w achte ki gen rapò ak katastwòf la.

Si ou gen asirans pou pwopriyetè, li posib pou FEMA pa voye yon enpektè tousuit. W ap gen pou soumèt dokiman asirans pou verifye ke pwoteksyon w lan pa reponn ak bezwen ki gen rapò ak katastwòf ou yo oswa ke ou te depanse tout Frè Sibzistans Siplemantè konpayi asirans lan te ba ou yo. FEMA pa kapab peye pou dega asirans lan kouvri oswa itilize benefis ki soti nan yon lòt sous de (2) fwa.

Si ou aplike pou asistans FEMA, yon enspektè abitasyon ap kontakte w pou pwograme yon randevou nan entèval 1 a 10 jou. Pandan apèl sa a, ekri:

  • Non enspektè a;
  • Dat apèl la;
  • Dat ak lè randevou a; ak
  • Nimewo telefòn enspektè a.

Enspeksyon pran jeneralman 30 jiska 40 minit epi li gen pou egzaminen pati nan kay ou a katastwòf la andomaje ak egzaminen dosye w yo. Enspektè yo kapab sèlman verifye pèt ou yo. Yo pa deside finalite aplikasyon pou asistans lè gen katastwòf epi yo pa kondane byen. FEMA enspekte byen ki andomaje yo sèlman pou pwogram retablisman apre yon katastwòf. Enspektè yo p ap janm mande lajan.

Enspektè a ap mande pou l wè:

  • Yon pyès idantite ki gen foto.
  • Prèv pwopriyete/okipasyon rezidans ki andomaje a tankou yon asirans abitasyon, yon fakti enpo, yon kanè pèman ipotèk oswa yon fakti sèvis piblik.
  • Dokiman asirans: politik asirans pwopriyetè, abitasyon mobil, kondominyòm ak lokatè.
  • Lis moun ki nan fanmi an k ap viv nan rezidans lan pandan katastwòf la.
  • Dega katastwòf la fè ak pèt ki lye ak katastwòf la pou byen estriktirèl ak pèsonèl.

Enspektè ou a ap genyen yon idantifikasyon FEMA ki gen fòm yon badj avèk yon foto. Si enspektè a pa montre yon pyès idantite ki gen foto, pa kòmanse enspeksyon an.

FEMA te modifye pa twò lontan kritè ki ofri asistans endividyèl bay sivivan nan katastwòf yo. Ki gen ladan:

.

  • Bay enspeksyon pou aplikan ki annatant verifikasyon idantite, okipasyon, ak/oswa pwopriyete epi bay yon sipò siplemantè pou verifye egzijans yo pandan enspeksyon an ak atravè sansiblizasyon siplemantè.
  • Bay aplikan yo asistans finansye pou montan bezwen yo (ki limite ak ranp pou chèz woulant, ba pou apiye ak yon wout asfalte) yon andikap katastwòf la lakoz lè eleman sa yo pa t nan kay la avan katastwòf la.
  • Bay asistans finansye pou repare byen imidite kwasan katastwòf la andomaje.

Ou dwe resevwa pa lapòs oswa pa imèl, menm jou a oswa nan 10 jou apre enspeksyon an, yon lèt desizyon ki endike desizyon kalifikasyon ak rezon lèt sa a.

Pou moun ki kalifye yo, lèt la endike montan sibvansyon an ak fason ou dwe itilize lajan an. Si ou pa dakò ak desizyon FEMA a, lèt la eksplike kijan ou kapab ale ann apèl kont desizyon an.

Li lèt desizyon ou a atantivman. FEMA ka bezwen enfòmasyon siplemantè oswa dokimantasyon nan men w — tankou yon reglèman asirans ki montre yo pa t kouvri tout bezwen esansyèl ou yo — avan yo kapab egzaminen ankò demann asistans federal ou a.

Si ou gen kesyon, ou kapab toujou kontakte Liy Asistans FEMA a nan 800-621-3362. Moun ki soud, ki tande di oswa twoub langaj epi ki ititlize yon TTY ka rele 800-462-7585. Si ou itilize 711 oswa Sèvis Relè Videyo, rele 800- 621-3362. Liy yo ouvri chak jou soti 6 è am pou rive minui, Lè Zòn Santral. Pou plis detay sou pwosesis enspeksyon FEMA a, konsilte sitwèb www.fema.gov/ht/assistance/individual/after-applying.

Tags:
Dènye mizajou