Jwenn Konsèy Reparasyon Kay 8 a 13 novanm nan Lowe’s sou Staten Island

Release Date Release Number
017
Release Date:
November 8, 2021

NEW YORK - Pandan abitan New York yo ap repare ak rekonstwi kay yo, FEMA asosye avèk magazen pou restorasyon sou Staten Island  pou bay enfòmasyon ak konsèy gratis sou kijan pou fè kay ki domaje nan dezas natirèl yo vin pi djanm ak pi an sekirite.

Espesyalis FEMA yo ap disponib nan kote ki endike anba a pou reponn kesyon epi ofri konsèy ak teknik pou bati kay ki reziste ak danje pou ede anpeche oswa diminye domaj nan katastwòf yo. Majorite enfòmasyon yo konsantre sou travay moun ka fè poukont yo ak kontraktè jeneral yo.

Konseye FEMA pou Rediksyon Danje yo disponib Lendi 8 Novanm rive Samdi 13 Novanm:

Lowe’s

2171 Forest Ave.

Staten Island, NY 10303

Lè fonksyonman: 9 a.m. jiska 6 p.m.

Ti liv referans gratis ki gen enfòmasyon sou pwoteje yon kay kont domaj inondasyon ap disponib tou pou sivivan yo. Ou ka jwenn plis enfòmasyon sou pwoteje pwopriyete nan https://www.fema.gov/emergency-managers/risk-management.

Pou dènye enfòmasyon konsènan efò rekiperasyon ki ap fèt nan kad Siklòn Ida an, vizite fema.gov/disaster/4615. Swiv nou sou Twitter nan twitter.com/femaregion2 epi www.facebook.com/fema.

Tags:
Dènye mizajou