FEMA pwolonje dat limit pou moun k ap aplike pou yo resevwa Ed apre pasaj Siklòn Ida yo

Release Date Release Number
015
Release Date:
October 27, 2021

BATON ROUGE, La.– Kounye a, moun ki sinistre nan Siklòn Ida yo gen jiska 29 novanm pou yo aplike pou yo ka resevwa asistans endividyèl nan FEMA.

Sou demann Gouvènè Lousiana a, John Bel Edwards, FEMA pwolonje dat limit pou moun ki sinistre yo fè aplikasyon yo nan 25 pawas: Ascension, Assumption, East Baton Rouge, East Feliciana, Iberia, Iberville, Jefferson, Lafourche, Livingston, Orleans, Plaquemines, Pointe Coupee, St. Bernard, St. Charles, St. Helena, St. James, St. John the Baptist, St. Martin, St. Mary, St. Tammany, Tangipahoa, Terrebonne, Washington, West Baton Rouge and West Feliciana.

Asistans FEMA bay pou moun ak fanmi ki afekte nan Siklòn Ida yo kapab kouvri èd pou lwaye, lojman tanporè, reparasyon kay, pèt pwopriyete pèsonèl ak lòt bezwen ki gen rapò ak katastwòf ke asirans pa kouvri.

Fason ki pi rapid pou aplike pou asistans FEMA a se sou Entènèt nan DisasterAssistance.gov oswa nan telefòn nan 800-621-3362 oubyen (TTY) 800-462-7585. Nimewo telefòn yo fonksyone apati 6 a.m. rive nan 10 p.m., sèt jou sou sèt. Moun ki sinistre yo kapab vizite yon sant rekiperasyon pou katastwòf pou yo aplike ak rankontre an pèsòn avèk espesyalis FEMA yo. Sèvi ak aplikasyon FEMA a oswa ale sou sitwèb FEMA.gov/DRC pou jwenn yon sant.

U.S. Small Business Administration pwolonje dat limit pou moun k ap aplike pou yo fè yon prè SBA pou katastwòf yo tou jiska 29 novanm. Reprezantan SBA yo disponib nan sant rekiperasyon pou katastwòf yo epi biznis yo ak rezidan yo ka vizite tou www.SBA.gov/disaster, rele sant sèvis kliyan SBA a nan 800-659-2955 (TTY) 800-877-8339 oswa voye yon imèl bay disastercustomerservice@sba.gov pou yo ka jwenn enfòmasyon oswa pou yo aplike.

Pou dènye enfòmasyon yo, ale sou fema.gov/disaster/4611. Swiv kont Twitter FEMA Rejyon 6 la twitter.com/FEMARegion6 oswa sou Facebook nan facebook.com/FEMARegion6/.

Tags:
Dènye mizajou