Patenarya Federal ak Teritoryal la Kontinye Konsantre L sou Reparasyon Enfrastrikti Enèji ak Kominikasyon nan Zile Vyèj Ameriken yo (U.S. Virgin Islands)

Release Date Release Number
190
Release Date:
October 27, 2021

ST. CROIX, U.S. Virgin Islands – FEMA kontinye kowòdone resous ak Zile Vyèj Ameriken yo (U.S. Virgin Islands), nan lide pou ranfòse rezo elektrik teritwa a epi rann enfrastrikti kominikasyon li yo pi rezistan. Pandan mwa sa a, yo te apwouve apeprè $21 milyon atravè Pwogram Asistans Piblik la (Public Assistance Program), pou reparasyon pèmanan rezo elektrik St. John lan, enfrastrikti Entènèt St. Croix a ak sant operasyon ijans St. Thomas a.

Plan teritwa a prevwa enstale jeneratris ijans nan Cruz Bay ak nan Coral Bay sou St. John, plan sa a pral resevwa yon sipò $16.8 milyon k ap sòti nan men FEMA. Finansman pou mezi adisyonèl ki la pou diminye risk sa yo, pral ede sistèm distribisyon elektrik ak enfrastrikti St. John yo vin pi rezistan epi konfime angajman FEMA pran pou sipòte plan rekonstwiksyon rezo elektrik ki nan zile a.

$16.8 milyon dola ki la pou enstalasyon jeneratris yo, vin ogmante envestisman FEMA ap fè pou reparasyon pèmanan rezo elektrik St. John lan a $198.4 milyon. Apeprè 90% distribisyon kouran anlè zile a, te andomaje pandan siklòn Irma ak Maria nan mwa Septanm 2017. Mezi rediksyon risk yo, gen ladan enstalasyon poto elektrik ki fèt ak materyo konpozit ak achte kab elektrik pou fè rezo St. John lan pi rezistan kont pwochen tanpèt yo.  

Kolaborasyon ant FEMA ak teritwa a fèt nan lide pou rann sèvis Entènèt la vin pi rezistan pou moun Zile Vyèj yo tou. FEMA ap bay $3.1 milyon pou reparasyon pèmanan enfrastrikti kab fib optik ki nan St. Croix ak pwen daksè fib yo. Destriksyon siklòn 2017 yo te lakoz yo, te vin fè zile a pèdi 95% aksè ak fib ayeryen yo atravè tout Zile Vyèj Ameriken yo.

Patenarya ant FEMA ak Zile Vyèj Ameriken yo, pral ede teritwa a prepare l epi reponn a ijans yo epi reponn ak katastwòf yo. Kowòdinasyon ant FEMA ak teritwa a, te pèmèt Ajans Teritoryal pou Jesyon Ijans nan Zile Vyèj yo (Virgin Islands Territorial Emergency Management Agency) resevwa yon prim ki se $1.2 milyon, nan lide pou fè reparasyon pèmanan nan sant operasyon ijans li an ki nan St. Thomas.

Lapli ak van ki soti nan Irma ak nan Maria, te andomaje sant apèl 911 nan sant operasyon an, sal konferans medya/kominikasyon yo, sal sèvè enfòmatik ak done yo, ak yon sant done ki gen gwo sekirite, k ap sèvi lapolis ak Depatman Sekirite Enteryè a.

Pwojè sant operasyon an, gen ladan mezi pou rediksyon risk ki evalye a $193,460 pou anpil travay, ki se:

  • kontwòl dlo lapli nan antre prensipal bilding nan,
  • ranfòse sistèm goutyè a, yon fason pou anpeche metal twati yo soulve,
  • bay aparèy sipò pou klimatizè ki pi djanm,
  • bay yon bagay pou devye dlo lapli sou bò bilding yo,
  •  ranfòse fondasyon yo, yon fason pou anpeche mi yo fann pi plis
  • epi bay yon pi bon sèvis enpèmeyab sou bouchon twati yo.

FEMA pral kontinye travay ak patnè teritoryal li yo, nan lide pou devlope plis pwojè retablisman, pou repare sèvis ki enpòtan tankou enèji ak kominikasyon nan Zile Vyèj Ameriken yo.

Tags:
Dènye mizajou