Sant Rekiperasyon Dezas Eta/FEMA a louvri Konte Union

Release Date Release Number
NR 023
Release Date:
October 13, 2021

TRENTON, N.J. – Yon Sant Rekiperasyon Dezas te louvri nan Konte Union pou ede rezidan nan New Jersey ki afekte ak rès siklòn Ida a. 

Reprezantan FEMA ak Administrasyon Ti Antrepriz Etazini yo disponib nan sant yo pou eksplike pwogram asistans lan pou katastwòf, reponn kesyon sou korespondans alekri yo epi bay dokimantasyon sou reparasyon ak rekonstriksyon pou rann kay yo plis solid pou reziste kont katastwòf.

W ap jwenn DRC nan:

Konte Union: Payne Meeting Center, 333 Russell St., Vauxhall, N.J. 07088.

Orè:  Lendi jiska samdi, 8:00 a.m rive 6:00 p.m.

Pou ede soulaje risk pou COVID-19 gaye nan kontak moun ak moun, mete yon mask oswa pwoteksyon figi ap obligatwa pou antre. Dezenfektan pou men disponib pou sivivan yo ak anplwaye yo.

Pòs travay yo nan yon distans sis (6) pye apa pou bay plis kouch pwoteksyon pou sivivan yo ak anplwaye yo.

FEMA asire zòn moun ap pataje yo netwaye regilyèman, epi estasyon travay yo dezenfekte apre chak vizitè.

Moun ki nan konte Bergen, Essex, Gloucester, Hudson, Hunterdon, Mercer, Middlesex, Morris, Passaic, Somerset, Union ak Warren yo kalifye pou aplike pou èd lè gen katastwòf. Pou jwenn yon DRC ki pi pre ou, klike sou lyen FEMA DRC a:fema.gov/drc

Sinistre yo kapab poze kesyon oswa mande plis enfòmasyon nan biwo DRC, diplis anliy oswa nan telefòn tou. Sinistre yo kapab vizite nenpòt biwo DRC epi jwenn biwo ki pi pre a gras ak aplikasyon FEMA an tou. Pou telechaje Aplikasyon FEMA tanpri vizite Apple App Store oswa Gogle Play Store

Si ou genyen asirans pwopriyetè kay ak lwaye, ou dwe depoze yon reklamasyon touswit. Dapre lalwa, FEMA pa kapab founi plis pase yon sèl avantaj pou pèt asirans lan te kouvri. Si ou pa genyen asirans oswa ou pa asire ase, ou kapab kalifye pou èd federal.

Mwayen ki pi vit ak pi fasil pou aplike se vizite disasterassistance.gov/.

Si li posib pou aplike anliy, rele nan 800-621-3362 (TTY: 800-462-7585). Nimewo telefòn gratis yo fonksyone apati 7 a.m. rive nan 1 pam. (Lè Lès), sèt jou sou sèt. Si w ap itilize yon sèvis relè, tankou sèvis relè videyo (Video Relay Service, VRS), sèvis telefòn ak soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo sèvis sa a.

Lè ou aplike pou èd, ou dwe genyen enfòmasyon sa yo disponib tou pre w:

  • Yon nimewo telefòn aktyèl kote yo kapab jwenn ou
  • Adrès ou te genyen nan moman katastwòf la ak adrès ou rete kounya
  • Nimewo Sekirite Sosyal ou, si li disponib
  • Yon lis jeneral sou dega ak pèt yo
  • Si ou genyen asirans, nimewo kontra oswa nimewo ajan ak/oswa non konpanyi an

Èd pou katastwòf la kapab genyen èd finansyè pou reparasyon kay epitou lòt pwogram pou asiste fanmi yo pou yo reprann yo apre konsekans evènman an.

Tags:
Dènye mizajou