Kat Sant pou Rekiperasyon kont Katastwòf FEMA fèmen, Youn ap deplase

Release Date Release Number
NR 022
Release Date:
October 8, 2021

TRENTON, N.J. – Kat Sant Rekiperasyon Dezas yo pral fèmen semèn pwochèn, kote youn pral deplase. Menmsi sit sa yo ap fèmen, èd fas a fas toujou disponib. Sivivan yo ka jwenn DRC ki pi pre yo a sou entènèt nan fema.gov/drc oubyen voye mesaj bay DRC ak nan Kòd Postal aktyèl yo nan 43362. Ou ka peye pou mesaj ak done yo.

Pandan sinistre yo ap avanse nan pwosesis rekiperasyon an, èd se jis yon apèl nan telefòn, yon klik oswa tape sou aplikasyon FEMA.   

DRC nan Konte Middlesex anba a ap fèmen nèt demen 9 oktòb a 4 pm

  • Middlesex Fire Academy, 1001 Fire Academy Drive, Cafeteria B, Sayreville, N.J., 08872. Lè Samdi: 9 a.m. jiska 4 p.m

Li pral deplase pou ale pi ba a epi louvri lendi 11 oktòb

  • Piscataway Fire Academy, 171 Baekeland Ave., Piscataway, N.J., 08854. Louvri Lendi jiska Samdi ant 8 a.m. ak  6 p.m.

 DRC nan konte Hunterdon ak Hudson ap fèmen nèt madi 12 oktòb a 5 p.m.

  • Konte Hunterdon: Union Fire Company #1, 230 N. Main St., Lambertville, N.J., 08530. Orè: 7 a.m. jiska 5 pm.m Samdi Orè: 8 a.m. jiska 5 p.m.
  • Konte Hudson: Sant Resous Pwofesyonèl ak Bibliyotèk Piblik Secaucus (Secaucus Public Library and Business Resource Center), 1379 Paterson Plank Rd, Secaucus, N.J., 07094 Orè fonksyònman: 7 a.m. jiska 5 pm.m Samdi Orè: 9 a.m. jiska 4 p.m Fèmen 11 oktòb

DRC nan konte Bergen ak Passaic yo ap fèmen nèt Mèkredi 13 Oktòb a 5 p.m.

  • Konte Bergen: Phillip Ciarco Jr. Learning Center, 355 Main St., Hackensack, N.J., 07652. Orè: 7 a.m. jiska 5 p.m.
  • Konte Passaic: Little Falls Civic Center, 19 Warren St., Little Falls, N.J., 07424. Orè: 7 a.m. jiska 5 p.m. Samdi Orè 8 a.m. jiska 4 p.m.

Èd Toujou Disponib

Sinistre katastwòf yo ka toujou jwenn aksè ak enfòmasyon sou katastwòf yo ak èd nan mwayen sa yo: sou entènèt nan DisasterAssistance.gov; rele nan 800-621-3362; (TTY:800-462-7585); oubyen telechaje aplikasyon FEMA ki disponib pou telefòn entèlijan. Sinistre katastwòf ki soud, ki gen yon andikap nan langaj oswa ki pa tande byen epi ki itilize TTY, kapab rele nan 800-462-7585. Liy telefòn pou rele gratis yo fonksyone aktyèlman la a 24 èdtan pa jou, sèt jou pa semèn. Si w ap itilize yon sèvis relè, tankou sèvis relè videyo (Video Relay Service, VRS), sèvis telefòn avèk soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo sèvis sa a. Genyen operatè ki pale plizyè lang ki disponib.

Dat limit pou aplike pou èd kont katastwòf se 4 Novanm 2021

Pou jwenn dènye enfòmasyon yo, ale sou fema.gov/disaster/4614. Swiv kont Twitter FEMA Rejyon 2 nan twitter.com/FEMAregion2.

Tags:
Dènye mizajou