Ekip DSA nan FEMA Ede Sinistre Siklòn Ida yo ki nan New Jersey

Release Date Release Number
013
Release Date:
September 21, 2021

Trenton, NJ – Ekip FEMA ki responsab pou bay Sinistre yo Asistans pou Katastwòf la ap ede sinistre yo ki nan konte New Jersey Siklòn Ida afekte. Ekip sa ap ede sinistre yo anrejistre pou asistans federal, idantifye bezwen potansyèl yo epi fè koneksyon ak ajans lokal, leta, federal ak ajans benevòl ki genyen resous pou ede yo.

Ekip DSA founi sinistre yo yon mwayen pou jwenn epi aplike pou èd nan sitiyasyon katastwòf.

Yo fonksyone kote ki fiks tankou sant kominotè, bibliyotèk, garaj kouvri, etc. Ekip la ap swiv règ sekirite CDC yo pou COVID-19 tankou distans sosyal ak itilizasyon ekipman pwoteksyon. Responsab lokal yo detèmine anplasman yo epi yo pre kote ki plis afekte yo.

DSA ede sinistre nan plizyè fason:

  • Òganize aksyon nan 12 konte yo chwazi yo Bergen, Essex, Gloucester, Hudson, Hunterdon, Mercer, Middlesex, Morris, Passaic, Somerset, Union ak Warren.
  • Ede sinistre yo anrejistre pou asistans FEMA.
  • Verifye estati yon aplikasyon ki deja nan sistèm lan epi kapab pote ti chanjman nan aplikasyon yo.
  • Kontakte òganizasyon legliz yo, òganizasyon kominotè, sektè prive (biznis) epi bibliyotèk piblik ki kapab genyen kapasite pou founi enfòmasyon sou katastwòf bay sinistre ki nan konte ki afekte yo.
  • Idantifye òganizasyon ki ap founi sèvis ak/oswa resous ki lye ak katastwòf la pou piblik lan an jeneral pou retablisman rapid a lontèm.
  • Rasanble enfòmasyon sou enpak nan kominote yo.
  • Founi depliyan nan lang Angle, Panyòl ak nèf lòt lang ki kapab eksplike kòman pou aplike pou èd pou katastwòf.
  • Founi enfòmasyon sou dwa sivil ak patisipasyon moun andikape pou garanti egalite aksè yo.

Enfòmasyon ekip la founi an adapte ak bezwen endividyèl sinistre yo epi kapab genyen enfòmasyon sou reparasyon pwovizwa kay katastwòf la andomaje an, peman pou yon lòt kote pou viv a koutèm pandan reparasyon pèmanan yo ap fèt epi/oswa ede pou bezwen serye ki genyen rapò ak katastwòf lòt pwogram pa kouvri.  

Ekip DSA pa janm bezwen sinistre yo founi enfòmasyon pèsonèl yo. Yo kapab idantifye manm ekip DSA yo fasilman ak foto idantifikasyon yo epi rad FEMA. Abitan New Jersey yo dwe sonje mande foto idantifikasyon ofisyèl anvan yo pataje enfòmasyon pèsonèl yo.

Anplwaye FEMA yo pa mande oswa aksepte lajan nan men sinistre katastwòf yo. Manm pèsonèl FEMA pa janm mande kandida ki ap aplike kòb pou asistans katastwòf, pou enspeksyon oswa pou ede ak aplikasyon an.

Sinistre yo pa bezwen kontakte yon manm ekip DSA pou anrejistre nan FEMA. Abitan ki sibi dega ak pèt Siklòn Ida lakòz kapab anrejistre nan FEMA nan mwayen sa yo:

  • Si li posib pou aplike anliy, rele nan 800-621-3362 (TTY: 800-462-7585). Liy telefòn pou rele gratis yo fonksyone aktyèlman la a 24 èdtan pa jou, sèt jou pa semèn. Genyen operatè ki pale plizyè lang ki disponib. Si w ap itilize yon sèvis relè, tankou sèvis relè videyo (Video Relay Service, VRS), sèvis telefòn avèk soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo sèvis sa a.

Lè yo anrejistre nan FEMA, sinistre dwe kalifye pou sibvansyon federal pou peye reparasyon esansyèl kay la oswa ranplase oswa lwe yon kay pwovizwa. Diplis, yon èd kapab disponib pou peye lòt bezwen ki genyen rapò ak katastwòf, tankou bezwen medikal, dan, transpò ak depans lanmò, demenajman ak estokaj, pèt byen pèsonèl ak gad timoun, asirans pa kouvri.

Anrejistre nan FEMA se yon etap tou pou kalifye pou èd nan Administrasyon Ti Biznis Etazini (U.S. Small Business Administration, SBA). Prè pou katastwòf ak ti pousantaj enterè nan SBA yo disponib pou biznis tout gwosè (menm pwopriyetè), pwopriyetè kay, lokatè ak òganizasyon benevòl prive yo pou kouvri pèt asirans lan pa kouvri nèt. Prè ki genyen ti pousantaj enterè yo ede finanse efò reparasyon ak rekonstriksyon epi li kouvri depans pou ranplase pwopriyete prive ki pèdi oswa andomaje nan katastwòf la.

Pou jwenn dènye enfòmasyon yo, ale sou fema.gov/disaster/4614. Swiv kont Twitter FEMA Rejyon 2 a nan twitter.com/FEMAregion2.

Tags:
Dènye mizajou