Li Lèt Detèminasyon ak Atansyon

Release Date Release Number
005
Release Date:
September 20, 2021

BROOKLYN, N.Y. -- Si w te anrejistre nan FEMA epi w te aplike pou èd nan ka ki gen katastwòf aprè pasaj Rès Siklòn Ida, petèt ou deja resevwa yon lèt FEMA nan Sèvis Lapòs regilye nan peyi Etazini oswa nan imèl.

Li lèt sa a vèk anpil atansyon. Li kapab gen ladan li avètisman sou kalifikasyon epi/oswa demann pou resevwa plis enfòmasyon. Lèt Avètisman Kalifikasyon an enfòme aplikan an sou tip asistans FEMA etabli pou di w kalifye oswa ou pa kalifye pou resevwa, montan asistans FEMA ap bay nan chak bezwen ki elijib, rezon ki fè ou pa elijib, yon eksplikasyon sou pwosesis kontestasyon an, ak lòt enfòmasyon enpòtan konsènan asistans nan ka ki gen katastwòf, tankou bonjan itilizasyon fon yo.

Si ou resevwa yon desizyon ki di w pa elijib, set poko dènye mo a sa. Si ou pa dakò ak yon desizyon sou kalifikasyon FEMA ou kapab konteste li. FEMA analize kontestasyon alekri aplikan an epi papye li voye anatnke sipò pou kontestasyon an. Aprè yo fin analize, FEMA swa ba ou yon desizyon alekri oswa li mande w lòt enfòmasyon. Si FEMA kenbe desizyon li pran an sou yon kontestasyon, y ap konsidere desizyon FEMA pran an se desizyon final li ye, epi jeneralman yo p ap konsidere li ankò.

Ou kapab jis bezwen voye plis enfòmasyon. Petèt:

  • Ou pa te pwouve kay ki te andomaje a se te la ou te rete nan moman katastwòf lan, oswa ou t ap viv nan kay la nan moman an. Pa twò lontan FEMA te elaji kalite papye l ap aksepte antanke sipò ak demann èd ou an.
  • Yo pa te retounen Aplikasyon Prè nan ka ki gen Katastwòf pou Administrasyon Ti Antrepriz peyi Etazini Aplikasyon sa la pou detèmine si w kapab kalifye pou lòt pwogram sibvansyon oswa asistans.  Si w pa retounen aplikasyon an w ap diskalifye pou resevwa yo epi w pa oblije aksepte yon prè si yo ofri li.

Si ou pa dakò ak yon desizyon sou kalifikasyon FEMA ou kapab konteste li. FEMA analize kontestasyon alekri aplikan an epi papye li voye anatnke sipò pou kontestasyon an. Aprè yo fin analize, FEMA swa ba ou yon desizyon alekri oswa li mande w lòt enfòmasyon. Si FEMA kenbe desizyon li pran an sou yon kontestasyon, y ap konsidere desizyon FEMA pran an se desizyon final li ye, epi jeneralman yo p ap konsidere li ankò. Ou kapab konteste kalifikasyon ou genyen, montan oswa kalite èd yo ba ou, yon aplikasyon ki depoze anreta, yon demann pou ranbouse lajan, oswa pwolongasyon èd. Yo dwe voye kontestasyon an bay FEMA ansanm ak tenb postal lan nan yon delè 60 jou apati dat yo te resevwa l֞èt ki gen deizyon an. Swiv etap sa yo pou w ka konteste:

  • Eksplike rezon (yo) kontestasyon an epi aplikan oswa moun li otorize pou aji nan non li dwe siyen li.
  • Mete non konplè ou, dat nesans ou, adrès aktyèl ou, nimewo dosye pou katastwòf ou an, ansanm ak nimewo anrejistreman FEMA.
    • Tanpri sonje ni mete dat ak siyen lèt lan. Mete nimewo anrejistreman FEMA ou an ki gen nèf (9) chif sou chak paj.
    • Siyati aplikan an avèk youn nan bagay sa yo: So Notè; oswa deklarasyon"Mwen deklare sou sèman sa ki di la a se verite epi yo kòrèk."
  • Voye li pa Lapòs bay FEMA nan Sant Nasyonal Sèvis Tretman (National Processing Service Center), P.O. Box 10055, Hyattsville, MD 20782-7055., P.O. Box 10055, Hyattsville, MD 20782-7055
  • Ou voye li nan faks nan 2212-437-4094.
  • Lèt kontestasyon ak papye sipò ou ka telechaje yo nan kont ou an sou DisasterAssistance.gov si ou te kreye youn.
  • Si w gen kesyon sou lèt kontestasyon an oswa tout pwosesis kontestasyon an ou kapab vizite DisasterAssistance.gov, itilize aplikasyon mobil FEMA oswa rele nan 800.621.3362. Si ou ap itilize yon sèvis relè tankou yon videophone, Innocaption oswa CapTel, bay nimewo FEMA nimewo ki asosye ak sèvis sa.  Operatè yo sou sèvis sèt (7) jou pa semèn soti 8 a.m. pou rive 7 p.m., lè lokal.
  • Pou jwenn enfòmasyon ofisyèl sou aktivite retablisman yo, vizite www.fema.gov/disaster/4615. Swiv nou sou Twitter nan twitter.com/femaregion2 epi www.facebook.com/fema.
Tags:
Dènye mizajou