Ranmase Fatra yo se yon Gwo Tach li ye pandan Rezidan Louisiana yo Siklòn Ida a Fenk fin Pase

Release Date Release Number
DR-4611-LA NR-004
Release Date:
September 12, 2021

BATON ROUGE, La. – Etandone sivivan k ap viv Louisiana yo kòmanse fè netwayaj aprè Siklòn Ida a, FEMA mande pou konnen ki pi bon mwayen ki genyen pou w retire fatra ki genyen lakay ou yo. Ou pa kapab rete tann pou netwaye dega siklòn lan fè yo. Kòmanse pwosesis netwayaj lan kote sa posib lan epi anrejistre tout dega yo nan foto oswa nan videyo.

Fè atansyon pandan w ap netwaye a. Fil kouran ki pandye yo, inondasyon, reptil, arenye oswa lòt danje ki rete yo. Konsidere tout kab ou wè yo gen kouran ladan yo; pinga ou touche fil ki lach oswa ki pandye yo ki tonbe atè yo. Pinga ou kondwi nan mitan fil yo. Pito ou rele konpayi ki ba w kouran an pou w mete okouran sou sitiyasyon an. Pinga nou fè pil ak fatra yo sou oswa bò kote bwat sèvis piblik yo oswa nan pasaj yo. Si w gen pyebwa ki tonbe sou kay ou, rasire w tcheke sa ansanm alk asirans ou an pou w konnen si dega pyebwa fè yo asirans ou an kouvri sa.

Pandan w ap fè netwayaj lan fòk ou sonje bagay sa yo:

  • Akòz gwosè dega Ida fè yo, ou kapab deplase fatra yo lakay ou mete yo nan lari a pou otorite ki konsène yo pase pran yo men se pou yon peryòd tan ki kout. Avan siklòn lan, ranmase fatra nan kay prive yo se te responsabilite mèt kay lan li te ye.
  • Swiv konsèy dirijan ki nan ejyon an lè w ap mete fatra yo pou yo pase pran yo an. Separe fatra yo nan sis (6) kategori pandan w ap mete yo sou twotwa bò wout lan:
    • Elektwonik, tankou televizyon, òdinatè oswa telefòn.
    • Gwo aparèy yo, tankou frijidè, machin pou lave, pou seche, fou oswa machin pou lave asyèt yo. Rasire w sele pòt yo konsa w konnen moun p ap kapab rantre lakay ou.
    • Fatra ki reprezante danje yo, tankou lwil, batri, pestisid, penti oswa pwodwi netwayaj yo. Si ou sispèk gen nenpòt materyèl ki gen penti ak plon, konsève yo yon kote ki imid oswa mete yo nan sachè plastik konsa w ap anpeche penti a gaye nan lè a.
    • Fatra plant yo fè, tankou branch bwa, fèy oswa plant yo.
    • Fatra ki gen rapò ak konstriksyon yo, tankou albòd, bwa chapant yo, tapi oswa mèb yo; epi
    • Fatra fanmi an te fè yo, manje, papye oswa anbalaj yo.
  • Mete fatra yo lwen pyebwa, poto elektrik yo oswa estrikti yo tankou vàn dlo yo ansanm ak kontè yo.
  • Retire tout materyèl dlo an kraze yo nan kay ou an epi mete sou twotwa yo pou yo kapab pase ranmase yo.
  • Fatra yo pa dwe blo wout lan.

Siklòn Ida te kite dèyè li pyebwa ki tonbe, branch ak materyèl konstriksyon ki kraze sou kay prive ak edifis piblik yo. Travayè yo ap ranmase fatra yo depoze nan lari yo, ki sou gran wout yo ansanm ak sou twotwa yo.

Komin ki kalifye pou retire fatra yo se Ascension, Assumption, East Baton Rouge, Lès Feliciana, Iberia, Iberville, Jefferson, Lafourche, Livingstone, Orleans, Plaquemines, Point Coupee, St. Bernard, St. Charles, St. Helena, St. James, St. John the Baptist, St. Martin, St. Mary, St. Tammany, Tangipahoa, Terrebonne, Washington, Lwès Baton Rouge ak Lwès Feliciana.

Pou jwenn dènye enfòmasyon yo, ale sou fema.gov/disaster/4611. Swiv kont Twitter FEMA Region 6 la twitter.com/FEMARegion6 or on Facebook at facebook.com/FEMARegion6.

Tags:
Dènye mizajou