Pwogram "Blue Roof" disponib kounyea nan 25 pawas

Release Date Release Number
DR-4611-LA NR-003
Release Date:
Septanm 10, 2021

BATON ROUGE, La - Moun sinistre nan tout 25 pawas Louisiana ki kalifye pou Asistans Endividyèl ki te sibi enpak Siklòn Ida an kapab enskri kounye a pou yo resevwa yon prela tanporè, ki gen fib ranfòse pou kouvri twati ki kraze yo jiskaske gen reparasyon pèmanan rive.

Operasyon Blue Roof, ki se yon pwogram gratis U.S Army Corps of Engineers ap jerenan kowòdinasyon ak FEMA, te elaji misyon li sou teritwa pawas ki te chwazi pou pwogram Asistans Endividyèl FEMA an. Sèvis Blue Roof la disponib pou kay ki sèvi antanke rezidans prensipal ak pwopriyete lwaye ki toujou gen lokatè yo.

25 pawas yo chwazi pou Asistans Endividyèl yo se: Ascension, Assumption, East Baton Rouge, East Feliciana, Iberia, Iberville, Jefferson, Lafourche, Livingston, Orleans, Plaquemines, Pointe Coupee, St. Bernard, St. Charles, St. Helena, St. James, St. John the Baptist, St. Martin, St. Mary, St. Tammany, Tangipahoa, Terrebonne, Washington, West Baton Rouge ak West Feliciana. 

Pou enskri nan Pwogram Blue Roof lan, rele nan 888-ROOF-BLU oswa 888-766-3258. Kapab gen gwo reta nan opsyon pou jwenn yon espesyalis poutèt gwo kantite kay ki sibi dega ki kalifye pou Pwogram Blue Roof la. Si apèl ou an transfere dirèk nan mesajri vokal, rakwoche epi eseye rele ankò. Ou ka ale tou sou BlueRoof.us

Pou dènye enfòmasyon konsènan efò rekiperasyon k ap fèt nan kad Siklòn Ida an ale sou fema.gov/disaster/4611. Swiv kont Twitter FEMA Rejyon  6 la twitter.com/FEMARegion6 oswa sou Facebook nan facebook.com/FEMARegion6.

 

Tags:
Dènye Mizajou