Egzèsis pou Deplasman Pasyan yo Konsantre sou Kontwòl ak Sekirite nan yon Anviwònman Pandemik

Release Date Release Number
NR 05
Release Date:
August 24, 2021

ST. CROIX, Zil Vyèj Ameriken – Patnè federal ak teritoryal yo konsantre sou deplasman pasyan yo nan yon anviwònman pandemik pandan yon repetisyon egzèsis konseptyèl nan kòmansman mwa sa a nan etablisman medikal Governor Juan F. Luis Hospital & Medical Center ki nan Christiansted. Patisipan nan egzèsis la te egzamine deplasman ak kontwòl pasyan ki ospitalize sou teritwa a pandan yo mete aksan sou sekirite.

Depatman Sante Zil Vyèj Ameriken (U.S. Virgin Islands Department of Health) ak Ajans Jesyon Ijans Teritoryal Zil Vyèj yo (Virgin Islands Territorial Emergency Management Agency) te dirije egzèsis twazèdtan an ansanm ak sipò FEMA te bay pou planifikasyon. Patisipan nan egzèsis la te evalye kowòdinasyon pou deplasman pasyan yo ant zile yo oswa ant etablisman yo avèk yon senaryo ki te konsantre sou yon ogmantasyon pasyan COVID-19 yo,

Objektif egzèsis la te konsantre sou:

  • Validasyon planifikasyon an atravè diskisyon Anèks sou Deplasman Pasyan Teritwa a pou Plan Operasyonèl Teritoryal la.
  • Evalye kowòdinasyon ant zile yo ak ant etablisman yo pou sipòte deplasman pasyan ki pozitif pou COVID-19 yo.
  • Idantifikasyon potansyèl defi pou sekirite, resous ak chèn apwovizyònman ki ka prezante pandan transfè pasyan ki enfekte yo ant zile yo.

“Apwòch inifye ki te prezante pandan egzèsis deplasman pasyan yo pral ranfòse kapasite teritwa a nan deplasman pasyan yo ant zile yo pou sipòte tretman ki soutni lavi pou abitan Zil Vyèj yo. Kolaborasyon kontinyèl ant lopital yo, VITEMA, Deptaman Sante ak patnè sektè prive yo pral ede konble feblès ki genyen nan kowòdinasyon deplasman pasyan yo. N ap kontinye sipòte teritwa a gras ak resous planifikasyon ak resous teknik pou ede abitan Zil Vyèj yo nan moman ke yo plis nan bezwen an,” dapre deklarasyon Kowòdonatè Biwo Zòn Karayib Zil Vyèj Ameriken, Mark A. Walters.

Patisipan nan etablisman medikal Governor Juan F. Luis Hospital & Medical Center ak sant medikal Schneider Regional Medical Center te konsantre yo sou paramèt k ap pèmèt detèmine kilè pou deplase pasyan yo ant lopital yo oswa ant etablisman medikal yo epi gade ki resous ki disponib pou tretman ki soutni lavi yo. Yo te aplike egzijans reyèl pou mete mask ak kenbe distans sosyal pandan egzèsis la.

“Depatman Sante a angaje pou li asire kolaborasyon kontinyèl ant Sèvis Sante, Lopital ak Sèvis Sosyal yo pandan ogmantasyon ka ospitalizasyon aktyèl yo ak potansyèl bezwen pou pataje resous yo atravè teritwa a. Sa a, se evidan ke li ka fèt sèlman gras ak gouvènman lokal, federal epi patnè prive yo,” dapre sa Komisyonè Depatman Sante Zil Vyèj yo, Justa Encarnacion, RN te deklare.

Patnè piblik ak patnè sektè prive pou egzèsis la te gen ladan:

  • Gad Nasyonal Zil Vyèj yo, Depatman Sèvis Sosyal Zil Vyèj Ameriken yo, Otorite Pòtyè Zil Vyèj yo, Sèvis Ponpye Zil Vyèj Ameriken yo, Depatman Jistis Zil Vyèj Ameriken yo, Sèvis Transpò Zil Vyèj yo, Sèvis Sante ak Sosyal Zil Vyèj Ameriken yo, Pafford Medical Services ak AeroMD.

"Opòtinite sa a pou nou reyini ni an pèsòn ni yon fason vityèl ak tout ajans ki responsab sekirite deplasman pasyan COVID-19 yo -- gouvènman lokal, gouvènman federal la, ak sektè prive a -- demontre menas danjere ki peze sou teritwa a ak enpòtans pou gen kowòdiansyon san rete epi amandman nan pwotokòl yo,” dapre sa Direktè VITEMA a, Daryl Jaschen te deklare. “Mwen vle remèsye tout reprezantan yo pou enplikasyon yo ak deba ouvè yo," selon deklarasyon Direktè Jaschen.

Ogmantasyon pasyan COVID-19 yo nan lopital yo sou teritwa a mete aksan sou enpòtans pou swiv direktiv Depatman Sante a pou ralanti pwopagasyon COVID-19 la. Kontinye pratike distans sosyal, mete mask lè w ansanm ak lòt moun deyò sa k ap viv nan menm kay avèk ou, netwaye espas ki frekante anpil yo an konsekans epi lave men w souvan ak savon epi dlo tyèd,

Lè w resevwa vaksen kont COVID-19 la sa ka pwoteje w kont maladi grav ak lanmò. Pou pwograme yon randevou, tanpri rele (340) 777-8227 oswa vizite covid19usvi.com/vaccines. Yo aksepte vizit san randevou tou nan de (2) Sant Vaksinasyon Kominotè teritwa yo.

Sant Vaksinasyon Kominotè St. Croix (St. Croix Community Vaccination Center) chita nan Nissan Center sou St. Croix, ki li menm nan La Grande Princesse, bò kote Konsesyonè Honda a ak The Paint Shop, sou menm bò lari ak Food Town.

Nan St. Thomas, Sant Vaksinasyon Kominotè a chita kò l nan Klinik Sante Kominotè (Community Health Clinic) la ki nan dezyèm etaj nan Sant Medikal Rejyonal Schneider a (Schneider Regional Medical Center).

Federal and territorial partners conduct a Patient Movement Rehearsal of Concept Tabletop Exercise

Patnè federal ak teritoryal yo òganize yon Repetisyon Egzèsis sou Tab Konsèp Deplasman Pasyan an nan kòmansman mwa sa a nan Lopital ak Sant Medikal Governor Juan F. Luis Hospital & Medical Center nan St. Croix. FEMA, Depatman Sante Zil Vyèj Ameriken yo ak Ajans Jesyon Ijans Teritoryal Zil Vyèj yo te esponnsorize egzèsis la. Patisipan nan egzèsis la te konsantre sou deplasman, kontwòl ak sekirite pasyan yo. FEMA/Mark A. Walters

Federal and territorial partners conduct a Patient Movement Rehearsal of Concept Tabletop Exercise

Patnè federal ak teritoryal yo òganize yon Repetisyon Egzèsis sou Tab Konsèp Deplasman Pasyan an nan kòmansman mwa sa a nan Lopital ak Sant Medikal Governor Juan F. Luis Hospital & Medical Center nan St. Croix. FEMA, Depatman Sante Zil Vyèj Ameriken yo ak Ajans Jesyon Ijans Teritoryal Zil Vyèj yo te esponnsorize egzèsis la. Patisipan nan egzèsis la te konsantre sou deplasman, kontwòl ak sekirite pasyan yo. FEMA/Mark A. Walters

Tags:
Dènye mizajou